Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Covid-19

Koze mande chèz: pozisyon prensip gwoup Pwofesè FASCH nan dat 11 me 2020

Mag Haiti by Mag Haiti
May 16, 2020
in Covid-19, Société
0
Koze mande chèz: pozisyon prensip gwoup Pwofesè FASCH nan dat 11 me 2020

Koze mande chèz Sa fè yon titan nou ap diskite ak ou sou zafè epidemi Kowonaviris, nan nimewo 1 ak 2 ti Jounal sa a. Nan jou ki sot pase yo, nou te deja fè yon bon rale mennen vini sou bon manyè pou kenbe tèt ou nan sitiysasyon epidemi peyi d Ayiti ap viv nan moman sa yo. Jodi a, nou ap kontinye menm ti koze a, nan menm lide pou nou chache konprann, fè tèt nou travay pou nou jwenn pi bon mwayen pou nou pwoteje tèt nou ansanm ak fanmi nou, zanmi nou ak tou tout kominote kote nou ap viv la. Se poutèt sa ti koze jodi a, ap trete sou listwa epidemi nan lemond. Nou p ap kapab di tout bagay, men nou ap eseye dekoupe chimen pou di sa ou dwe konnen. Konsa ti piti plen kay, jan pwovèb ayisyen an di l.


Lè nou fè yon kout je nan listwa limanite, nou wè rapidman kouman yon seri epidemi te tonbe sou moun ki t ap viv nan diferan epòk ak nan diferan zòn oubyen peyi. Anpil fwa, moun ki t ap viv nan moman sa yo, pat toujou byen reyaji devan epidemi sa yo. Lis epidemi yo long. Nou ka site lapès,varyòl, tifoyid, varisèl, saranpyon, koklich, fyèv jòn, sifilis, malarya tou. Anpil ladan yo se nan zanimo ou byen ensèk ou pran yo. Ensèk lan se pou malarya a pa ekzanp .Genyen ki pi tèrib pase lòt. Genyen gras a travay lasyans, yo rive jwenn remèd, vaksen pou konbat yo jounen jodia. Sa vle di, detri jèm mikwòb, viris ak parazit ki bay yo e pwoteje moun pou maladi sa yo pa tonbe sou yo ankò.

Nan peryòd ki sòti 500 jouska fen 1400 yo, save yo rele Mwayenaj an Ewòp te gen anpil epidemi ki t ap frape kannkès peyi nan kontinan sa a. Men te gen youn ladan yo, ki te move anpil. Epidemi sa a, se te Lapès ; konsa parazit lan rive nan san moun epi rive kale yon dal tach nwa sou po moun ki trape l yo.Tras nwa sa yo fè li pi mòtèl . Se pou sa li te rele Pès nwa pito. Men sa pa gen pou wè ditou ak moun nwa. Li simaye soti plizoumwen lane 1346, lè l koumanse manifeste l pou rive nan lane 1353. Lapès lan te touye anviwon tranttwa moun sou chak san moun, gen dokiman menn ki ale pi lyen, ki di li te touye senkant ak swasantsenk moun menm, sou chak san , nan yon seri kote nan menm Ewòp la. Se pa ti koze non. Pandan peryòd sa a, moun yo pa konnen kisa pou yo te fè. Yo rele anmwe pote yo sekou. Yo pa ka sipòte ankò, men sa pat anpeche yo kontinye ap mouri. Anpil ladan yo te panse se chatiman Bondye voye sou yo, pou pini yo pou mechanste yo fè. Yo pa t konn kouman yo rive trape maladi a. Tout kalite bagay t ap di, menm nan bouch doktè nan epòk la, anpil move enfòmasyon t ap soti pasipala. Gen enfòmasyon ki te di, Lapès la se nan lè li ye. Yo pa t rive konprann, maladi Lapès la, se te yon seri ti pis ki kole nan kò yon Ràt ki te transmèt li bay moun. Epi, se konsa moun ki genyen l lan, bay lòt moun li. Se konsa li te miltipliye pa bann e pa pakèt. Nan lite konn maladi a, te gen anpil move desizyon ki te pran. Ladan yo, nou ka site gen moun yo touye, paske yo panse se yo menm ki lakòz maladi a. Yo te panse dyab ki antre nan tèt yon seri moun se sa ki lakòz maladi lapès la. Yo touye konsa yon seri moun sou baz idantite yo paske yo pa siye avè yo nan moman an.Gwoup sila a yo te akize kòm moun ki anpwazonnen pi dlo. Yo touye fanm, yo touye gason. Gen fanmm yo di se sòsyè yo ye. Men maladi a te toujou rete, menm avèk fo akizasyon tankou pèsekisyon ki te fèt pou granmesi. Se konsa nan peryòd Lapès sa a, nan lane 1349, pou te bay yon nouvo elan, yo vini ak a sa ki rele Flajelasyon an. Pratik sa a, te deja la, men li pat popilè. Men nan ka Lapès sa a, se te yon lòt afè. Se te yon penitans kote yon gwoup moun t ap kale tèt yo, dechire kò yo devan lòt moun. Yo te met tèt yo nan yon soufrans ki di anpil pandan 33 jou. Gen ladan yo ki te mouri anvan sa menm. Yo te fè tousa nan lide pou yo mande Bondye padon ak pitye pou desann kòlè li kont lèzòm. Antouka, kòm nou konnen li, lapès la te fè kat a senkan an Ewop anvan li bay yon souf. Gen chif ki di, se te 25 milyon moun, maladi a te touye ant 1347 a 1353.


Yon istwa long nou vle fè kout. Men leson nou dwe tire. Maladi tonbe sou moun tankou sou bèt ak sou plant. An nou chache konnen ki kòz epidemi yo pi byen. Konsa yon koze ou konnen amwatye fè w deja jwenn solisyon l. Konsa nou pap akize okenn gwoup moun, ni pou ap fè sipèstisyon. N ap respekte dwa moun ak entegrite yo epi menm pwoteje tout moun ki nan maladi ak detrès. Konsa n ap pwoteje sila yo ki trape Kowonaviris lan ak tout lantouraj yo.
Groupe de professeurs FASCH

Comments

commentaires

Nombre de vues: 2,132
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Haïti-Covid19: des hôpitaux de la région métropolitaine de Port-au-Prince dans le besoin

Next Post

Covid-19: Rezo Nòdwès lance le concours national de spots vidéo de sensibilisation

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Covid-19: Rezo Nòdwès lance le concours national de spots vidéo de sensibilisation

Covid-19: Rezo Nòdwès lance le concours national de spots vidéo de sensibilisation

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (85,990)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,796)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,852)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,680)

Nouveaux Articles

  • Lajistis amerikèn rekonèt Chèf gang Yonyon koupab nan dosye kidnaping sitwayen ameriken yo
  • Joé Dwèt Filé : Une performance exceptionnelle aux Flammes 2025
  • Yon majistra dominiken imilye plizyè timoun ayisyen avan depòtasyon yo an Ayiti

RSS Fact Checker

  • Avant l’investiture de Trump, Meta abandonne son programme de fact-checking
  • Désintox : la Chine fait-elle face à une nouvelle épidémie appelée HMPV ?
  • Désintoxication : la femme qui a lancé la rumeur sur les Haïtiens à l’Ohio se rétracte
  • La vidéo de l’homme qui tue un chat avec ses dents répertoriée sur un blog zimbabwéen

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?