Jodi jedi premye desanm nan, Kowasi t ap jwe avèk Bèljik epi Mawòk t ap jwe avèk Kanada nan 3e jounen Koupdimonn Kata 2022 a. Aprè match sa yo fini, se Kowasi ak Mawòk ki rive kalifye pou 1/8èm final nan gwoup F la.
Match Kowasi avèk Bèljik la fini 0-0, sa ki penmèt ekip Modric la jwenn biyè kalifikasyon li pou 1/8èm final nan koupdimonn 2022 a k ap òganize nan peyi Kata. Peyi Kowasi fini premye faz la k 5 pwen dèyè Mawòk nan gwoup F la.
Seleksyon Mawòk la genyen seleksyon Kanada (1-0), sak penmèt li fini nan tèt gwoup la avèk 7 pwen nan gwoup F la. Kidonk, li vin youn nan 2èm ekip nan kontinan Afrik la ki jwenn biyè kalifikasyon li pou 1/8èm final dèyè peyi Senegal.
Nan match sa peyi Mawòk te louvri eskò (1-0, 4′) gras avèk Hakim Ziyech, sa ki te penmèt yo jwenn avantaj la sou peyi Kanada. Kèk minit aprè, li te double eskò a (2-0, 23′) aprè yon lòt gòl Youssef En-Nesyri te make nan match la. Peyi Kanada pa te rete bwa kwaze, li te rive fè yon gòl (2-1,40′) gras ak yon gòl Nayef Aguerd. Rezilta match la pa te chanje nan 2èm mitan an.
Seleksyon Kowasi ak Mawòk rejwenn lis ekip ki gentan kalifye pou 1/8èm final la pou tann lòt ekip ki pral gen pou afwonte yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022