Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Kou dapèl nan vil Ench te resi panche sou dosye lanmò jounalis Néhémie Joseph la

Mag Haiti by Mag Haiti
November 30, 2024
in Société
0
Kou dapèl nan vil Ench te resi panche sou dosye lanmò jounalis Néhémie Joseph la

Kou dapèl nan vil Ench te òganize yon odyans mèkredi ki te 27 novanm 2024 la, nan lide pou te tande moun ki ta enplike nan dosye lanmò jounalis Néhémie Joseph la. Odyans sa se premye odyans ki fèt aprè jij enstriksyon Edwige Dorsainvil te rann òdonans li 2 mas 2024 la.

Daprè avoka jounalis la, mèt Robinson Mazarin se yon odyans timoun piti ki te chaje ak fòs kote. Se pou sa, li fè remake pandan tout seyans lan manm kou dapèl yo pa t konn kòman pou yo te kòmanse, yo pa t tande tout akize yo, sila yo yo te rive tande yo, kesyon yo pa t pètinan ditou. Avoka a jije tout sa yo pèmèt li konsidere jij yo pa t konsilte dosye a.

Si nan òdonans jij Edwige Dorsainvil la li te jwenn anpil chaj kont ansyen senatè Rony Célestin ak majistra Mibalè a, Lochard Laguerre. Enbyen moun sa yo nan temwanyaj yo bay douvan kou dapèl la, di yo pa konn anyen sou lanmò pwofesyonèl laprès la.

Kontrèman ak jij Dorsaivil ki te di li pa t jwenn anyen kont jounalis Garry Pierre Paul Charles, komisè gouvènman vil Ench lan li menm, mèt Friztnel Hector mande pou kou dapèl tande l ak tou sitwayen ki rele Hugens Charles ak Lenel la.

Fòk nou di, aprè plis pase 5 lane nan mawon, kote li menm gen manda dèyè l, Elionel Casséus te resi parèt pou otorite yo kapab wè l. Malgre sa, akize a ki se ansyen majistra vil Mibalè a sòti lib. Poutan genyen Yolette Jeanty ak Garry Pierre Paul Charles majistra a di li pa jwenn anyen kont yo.

Jouskounye a nan 8 moun jij enstriksyon an te voye jije douvan tribinal kriminèl an prezans jiri yo genyen yon bò Juste Chandou Clerjeune ki deja nan prizon. Angelina Fabiola Cameau li menm nan mawon, Elionel Casséus sòti nan mawon, poutan li poko janm jwenn arestasyon l. Epi nan yon lòt bò, genyen Rony Célestin, Lochard Laguerre, ki plede yo pa konn anyen anplisDouyon Rosevald, Lenel A.C epi Huguens Charles ki yo menm poko pale ditou.

Pou moun ki te reprezante kou dapèl la nou jwenn : Prezidan Marie Mercie Destorel Jean-Baptiste, jij Sorel Dumornay, epi Berge O. Surpris. Alòske, pou ministè piblik la se te avoka sa yo : Fritznel Hector, Pélinos Mompremier, Walner Joseph, David Joseph ak Prudent Ortella, ki se youn aprè lòt komisè gouvènman ak ranplasan.

N ap raple pwofesyonèl laprès la, Néhémie Joseph te asasinen nan dat 10 oktòb 2019. Kote yo te jwenn kò viktim nan, nan kòf machin li ak plizyè mak bal nan pak Bayàs ki chita kò li nan antre vil Mibalè.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 896
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Gouvènman an salye memwa viktim masak riyèl Vayan yo

Next Post

Haïti commémore la Journée mondiale du SIDA : Un combat pour la santé en pleine crise

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Haïti commémore la Journée mondiale du SIDA : Un combat pour la santé en pleine crise

Haïti commémore la Journée mondiale du SIDA : Un combat pour la santé en pleine crise

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,041)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,807)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,873)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,691)

Nouveaux Articles

  • Avan pwojè konstitisyon an pèmèt yon jèn vin prezidan Ayiti ak 30 lane
  • Gwoup gang Savyen yo masakre pou pi piti 11 moun nan yon legliz Ti Rivyè Latibonit
  • Lajistis amerikèn rekonèt Chèf gang Yonyon koupab nan dosye kidnaping sitwayen ameriken yo

RSS Fact Checker

  • Avant l’investiture de Trump, Meta abandonne son programme de fact-checking
  • Désintox : la Chine fait-elle face à une nouvelle épidémie appelée HMPV ?
  • Désintoxication : la femme qui a lancé la rumeur sur les Haïtiens à l’Ohio se rétracte
  • La vidéo de l’homme qui tue un chat avec ses dents répertoriée sur un blog zimbabwéen

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?