Jij Benjamin Felismé ki ap mennen dosye koripsyon nan Bank Nasyonal Kredi (BNC) a konvoke 3 Konseye Prezidansyèl ki ta enplike nan dosye sa. Smith Augustin, Emmanuel Vertilaire, ak doktè Louis Gérald Gilles se konseye sa yo ki dwe al reponn kesyon jij lan pandan mwa desanm sa.
9, 10 ak 11 desanm k ap vini la se jou sa yo manda majistra a mete dèyè Konseye sa yo di pou yo chak ta al reponn kesyon li yo sou dosye 100 milyon goud yo te mande yon direktè Bank pou l te kenbe pòs li. Mete sou sa, selon jounal Le Nouvelliste, jij la ta envite ansyen direktè administrasyon BNC a tou, Raoul Pascal Pierre-Louis.
Nan ka Konseye Prezidan sa yo ta deside refize ale kote jij la, nan menm manda sa yo jij Felismé anonse l ap tou mete manda pou arete yo kèlkeswa kote lapolis ta jwenn yo. Tout sa ap fèt daprè sa atik 30 ak 77 kòd enstriksyon kriminèl la di l la.
N ap raple, Konseye Emmanuel Vertilaire te deklare nan yon kominike pa gen anyen k ap fè l ale eksplike tèt li devan jij akoz tit li genyen nan peyi a. Menm bagay la te rive tou ak Konseye Louis Gérald Gilles, kote avoka l yo te fè jij la konprann li pa gen okenn konpetans pou l ta envite yon Konseye prezidansyèl.
Pou kounye a, li rete pou konnen si 3 konseye sa yo ap deside pou al reponn kesyon jij la toutbon vre. Yon fason pou tout moun ka konnen si yo koupab oubyen non, menmsi yo te toujou fè konnen yo pa gen anyen pou wè ak gwo akizasyon sa Raoul Pierre-Louis te fè sou do yo a.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2024