Nan chita tande Inite Lit Kont Koripsyon (ULCC) te fè ansanm ak Konseye prezidansyèl Smith Augustin pou koze koripsyon, li pale bay anketè yo e bay divès tip lajan li touche nan Konsèy la. Pami kòb sa yo, li deklare ajan yo li touche 25 milyon goud kòm frè entelijans pou laprezidans chak mwa, yon lajan anketè yo mande pou lajistis panche sou li paske yo menm yo paka fè diplis.
«25 milyon goud chak mwa mesye Smith Augustin deklare li jwenn pou entelijans e klase kòm avantaj la, pa sa ditou», se sa ki ekri nan dokiman 12 paj sa a. Akoz dout yo genyen epi limit yo, ULCC mande pou leta mete yon estrikti anplas. Selon yo menm sa ap pèmèt gen pi bon kontwòl sou tip lajan sa a, epi evite tout detounman.
Toujou daprè rapò a, lajan entelijans pou laprezidans sa a konseye a di li jwenn nan se yon kòb ki la pou jere dosye sekirite nasyonal peyi a, e li gen gwo enpòtans estratejik si nou kwè sa ki ekri nan rezilta ankèt la. Demann sa, selon sa yo mansyone fèt paske atik 68 nan lalwa finans 4 me 2016 la di paka gen ankèt sou lajan sa a.
Men tout lajan ansyen anbasadè Ayiti an Repiblik Dominikèn nan ap touche pandan li se youn nan manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT): nan yon premye tan li jwenn 220 mil goud, yon chèk ki reprezante 1/3 lajan l touche a pou l fonksyone, 400 mil goud pou peye kay, 25 milyon goud/chak mwa pou entelijans laprezidans. Nan yon lòt tan, li jwenn ant 400 ak 500 mil goud pou yon kat prepeye, 250 mil goud pou mete gaz nan machin li ak 20 mil goud pou kat sou telefòn li.
Nan sa ki gen pou wè ak non l ki site nan 100 milyon goud 3 konseye prezidansyèl yo te mande direktè administratif Bank Nasyonal Kredi (BNC) a, ULCC di Smith Augustin di, ni li menm ni lòt konseye yo yo pa t fè yon bagay konsa. Tandiske, anketè yo fè konnen yo jwenn te gen plizyè apèl ki fèt sòti 15 me pou rive 30 jen ant Louis Gérald Gilles, ak konsil Lonick Léandre, ki se zanmi Smith Augustin, ak Raoul Pascal Pierre Louis.
Paralèlman rapò a soulinye tou konseye prezidansyèl Emmanuel Vertilaire, Louis Gérald Gilles, Smith Augustin ak konsil Lonick Léandre, ki se zanmi mesye Augustin, te bay manti sou kat kredi Raoul Pierre Louis te dakò ba yo an echanj pou pòs prezidan Konsèy administrasyon Bank Nasyonal Kredi a (BNC).
«Avan, yo te deklare yo te ranpli tout fòm yo pandan kèk ajan maketing BNC te vin fè pwomosyon nan Vila akèy la. Men, direktris sikisal BNC nan otèl Wazis la, Marie Michel Louis te demanti yo paske l di li pa t voye okenn ajan maketing fè travay sa, ajan sa yo la pito pou moun ki vle louvri kont an goud», daprè presizyon anketè yo pote pandan yo fè konprann jouskaske ankèt la fini kont epay 4 mesye sa yo pa t janm aktif vre.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024