Nan ankèt ki mennen sou eskandal koripsyon ki fèt nan Bank Nasyonal Kredi a (BNC), Konseye prezidansyèl Louis Gérald Gilles fè divès revelasyon. Nan odisyon pa li ak Inite Lit Kont Koripsyon (ULCC), li deklare gen anpil nèg nan leta a ki te mande pou negosye ak li pou yon pòs nan gouvènman an.
«Mo negosiyasyon an twò fò se vre. Men, gen ti apwòch bò kote tout kandida pou pòs premye minis yo, direktè jeneral yo, prezidan Konsèy Bank yo», daprè pawòl li te deklare anketè yo san site non moun sa yo li mansyone pòs yo.
Pou sa ki gade negosiyasyon pou Raoul Pierre Louis te li menm tounen nan tèt Konsèy administrasyon BNC a, ansyen palmantè a fè konnen se pito li menm ki te vin kote l. Men, li soulinye se te nan lide pou konplete Konsèy administrasyon an Pierre Louis te konn vin kote l.
Pandantan sa menmsi li t ap eseye defann tèt li, ULCC di li sispèk doktè Louis Gérald Gilles. Paske li mansyone kèk deklarasyon ki montre konn gen demann deja e ta menm gen kolaborasyon.
N ap soulinye, nan dosye 100 milyon goud ak kat kredi ki te bay pou 3 konseye prezidansyèl Louis Gérald Gilles, Smith Augstin ak Emmanuel Vertilaire epi konsil Lonick Léandre, Inite Lit Kont Koripsyon fè kwè moun sa yo di yo pa t mande direktè Raoul okenn kòb pou okenn djòb.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024