Nan yon kominike biwo li pibliye ayè jedi 24 oktòb 2024 la, Konseye Prezidan Emmanuel Vertilaire fè tout moun konnen li gen tit prezidan, kidonk li paka parèt konsa konsa devan lajistis. Pawòl sa yo vini tousuit aprè anons ki fè konprann se jij Benjamin Felismé ki pral mennen dosye 100 milyon goud Inite Lit Kont Koripsyon (ULCC) te jwenn 3 Konseye prezidansyèl te gen men yo tranpe ladan li an.
«Paske li se bouch lalwa, majistra enstriktè a ap gen pou l sèlman aplike tèks ki pale sou sa yo (konstitisyon, lwa: kòd enstriksyon kriminèl ak kòd penal epi dekrè). Tout sa yo se dèske Vertilaire gen yon estati prezidan nan kad rapò sipèfisyèl ULCC a ki sòti avèk yon bann pawòl san sans», daprè sa nou li nan kominike sa.
Nan yon premye tan, ekip Vertilaire a fè konnen li te deside ale reponn kesyon ULCC yo se te pou evite yon kriz politik ak yon eskandal san sans nan peyi a. Se la tou nan yon dezyèm tan, li fè konprann demach li a pa vle di li te bay tit prezidan li an vag.
«Prezantasyon volontè Konseye Prezidan Emmanuel Vertilaire devan ULCC pa t janm vle di li renonse ak estati prezidan li a, puiske tou ULCC pa yon jiridiksyon (selon atik 7, alineya 5 nan dekrè ki te kreye l nan lane 2004 la)».
Pi lwen li fè konprann, se pa paske dosye sa apèn gen yon jij enstriksyon sou li ki fè pwosesis la deja kòmanse e ta menm vle di gen moun jij la ta dwe toumete chay sou do yo. Se pou tèt sa menm, li gentan prevwa akoz tit prezidan li an jij Benjamin Felismé pral fè fas kare ak anpil pwoblèm avan pou l ta rive sou li.
Pandan li ap defann tèt li kòm prezidan ki paka pase devan lajistis pou yon dosye koripsyon li enplike, n ap fè konnen nan rezolisyon Konsèy la te pran 4 oktòb e ki te pibliye nan jounal Le Moniteur 7 oktòb pase a non l pa ekri pami moun ki dwe prezidan yo. E sa se paske yo te mete yo dakò menmsi yo pa nan prezidans tounant lan, Emmanuel Vertilaire, Louis Gérald Gilles ak Smith Augustin se moun ki pwoteje anba prensip prezonpsyon inosans lan y ap toujou patisipe nan tout sa Konsèy la ap fè.
N ap soulinye tou, nan rapò Inite Lit Kont Koripsyon an li te mande pou lajistis mare 3 konseye sa yo. Paske yo te itilize fonksyon yo pou abize ansyen direktè administrasyon Bank Nasyonal Kredi a (BNC), Raoul Pierre-Louis yo te mande 100 milyon goud pou te fè l kenbe pòs li.
© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2024