Konsèy Sekirite Nasyonzini an pwolonje jounen lendi 30 septanm 2024 la, pou mwa oktòb 2025 manda Misyon Miltinasyonal Sipò ak Sekirite a (MMSS).
Se nan yon vòt jodi 30 septanm nan Konsèy Sekirite Nasyonzini an pran desizyon pou pwolonje manda fòs Miltinasyonal la ki t ap fini nan mwa oktòb k ap vini la.
Daprè anbasadris Etazini nan Nasyonizi an, Linda Thomas-Greenfield, manda misyon an ki renouvle a pral mete peyi a sou wout lapè ak pwosperite.
Aprè vòt sa a, Ministè Zafè Etranje a pa t pran tan pou te reyaji. Nan yon piblikasyon sou kont Twitè li, MAE di l salye renouvèlman manda Misyon Miltinasyonal la pandan l pwofite remèsye Konsèy Sekirite Nasyonzini an pou angajman li pran pou lapè ak estabilite an Ayiti. Sa ministè a konsidere kòm yon demach esansyèl pou devlopman dirab ak byennèt pèp la.
N ap raple, se nan dat 25 jen pase a yon premye gwoup polisye Kenya te antre nan peyi a. E jouskounye a twoup etranjè a poko fin kont pou travay yo espere a kapab akonpli an Ayiti.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024