Nan yon nòt yo pibliye nan lannuit vandredi 11 oktòb 2024 la, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) mande pou Repiblik Dominikèn sispann depòtasyon rasis li yo. Li fè demann sa aprè tout konsta li di li fè e aprè plizyè reyinyon ijans ki fèt ak gwo tèt nan leta a pou rezoud pwoblèm sa nan bò pa yo.
«Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an eksprime fason desizyon, Prezidan Luis Rodolfo Abinader Corona te pran 3 oktòb la pou depòte jouska 10 000 resòtisan ayisyen chak semèn, ba li pwoblèm», daprè sa ki ekri nan nòt la. Kidonk, pou poze aksyon KPT a di li pran angajman pou gentan evite tout move sitiyasyon sa ka pwodui puiske yo menm yo te reyini ak plizyè tèt nan peyi a pou konn kòman yo dwe aji.
Nan sa ki gen pou wè ak pwosesis depòtasyon sa, KPT a di li wè gen plizyè konvansyon otorite dominiken yo pa respekte. Konvansyon vyèn sou relasyon diplomatik 1961, ak sou relasyon konsilè 1963, deklarasyon dwa moun 1948, konvansyon sou dwa timoun 1989, se pami sa yo soulinye yo.
Daprè Konsèy la, pwotokòl akò sou jan rapatriman yo dwe fèt, toulède peyi yo te siyen nan lane 1999, la pa egziste ditou li menm. Pa rapò ak sa men divès vyolasyon yo di yo jwenn : depòtasyon fèt lannuit ak jou ki pa gen aktivite (samdi ak dimanch), otorite dominiken yo pa voye okenn lis non moun li voye tounen yo bay responsab ayisyen yo.
Pifò moun yo depòte yo, yo pran tout pyès idantite yo e pa kite yo pran anyen nan sa yo te posede nan peyi yo a, yo bat yo jouk yo kite mak sou po plizyè ayisyen, yo voye plizyè timoun tounen poukont yo, yo entèdi reprezantan diplomatik konsilè ayisyen yo antre nan prizon yo mete Ayisyen yo.
Nan sans sa, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an mande pou Repiblik Dominikèn respekte tout akò entènasyonal ki gen rapò ak dosye sa li konnen li te siyen ak Ayiti yo. Li mande tou pou yo sispann depòtasyon rasis sa y ap fè a, menmsi Konsèy la di li rekonèt yo gen dwa pou kontwole migrasyon lakay yo, men fòk sa fèt selon akò yo. Konsèy la raple otorite dominiken yo Ayiti toujou kwè nan dyalòg konstriktif la, se yon fason selon yo menm, pou pwoblèm yo kapab byen rezoud.
Pou sila yo ki te nan premye reyinyon ki te fèt 8 oktòb pase a, nan yon bò nou jwenn Minis jistis la, Carlos Hercule, minis zafè etranjè ak kilt / kondisyon fanm, Françoise Suzan, minis ekonomi ak finans/ Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn, Ketleen Florestal, minis Zafè Sosyàl ak Travay, Wilbert Georges, minis Sante Piblik la, George Brignol, minis delege zafè imanitè yo, Herwil Gaspard.
Nan yon lòt bò, nou jwenn direktè jeneral lapolis la, Normil Rameau, direktè ofis Nasyonal Migrasyon Bonheur Delva, direktè jeneral pwoteksyon sivil la, Emmanuel Pierre epi Kathia Derival ak Mirline Dorval ki te reprezante Ofis Nasyonal Idantite. Fòk nou soulinye nan jedi 10 oktòb, Konsèy la te fè menm bagay la ak kò diplomatik ki nan peyi a tou.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024