Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Konsèy Prezidansyèl la mande otorite yo mete lòd nan fason moun yo ap fè kay nan peyi a

Mag Haiti by Mag Haiti
December 24, 2024
in Société
0
Konsèy Prezidansyèl la mande otorite yo mete lòd nan fason moun yo ap fè kay nan peyi a

Nan yon kominike yo rann piblik nan lannuit lendi 23 desanm 2024 la, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) mande otorite yo fè sa yo konnen pou mete lòd nan fason moun yo ap konstui nan peyi a. Rekòmandasyon sa vini nan yon moman kote moun pa sispann mouri akoz deboulonnay tè nan divès vil nan peyi a.

« Fas ak trajedi sa yo ki toujou ap repete a, Konsèy la mande otorite lokal ak nasyonal yo pou rete fèm nan desizyon pou regile zafè konstriksyon yo e gen yon pi bon jesyon amenajman teritwa a. Se sa ki ap rann kominote yo mwens fèb fas ak katastwòf natirèl yo », daprè sa ki ekri nan kominike sa ki gen pou wè ak inondasyon ak deboulonnay tè ki genyen nan vil Pòdepè akoz gwo lapli ki genyen.

Paralèlman, prezidan Konsèy la, Leslie Voltaire te mennen ayè lendi a yon rankont ant li menm, 9 minis nan gouvènman an, direktè depatmantal yo, reprezantan sektè prive a ak meri Okap la. Rankont sa ki te gen objektif evalye defi yo epi jwenn solisyon pou devlopman vil sa, fèt kèk jou aprè 2yèm vil peyi a li menm tou te anba dlo, pandan fenomèn meteyowolojik Fwon Fwa a ap pase an Ayiti.

Nan menm sans sa, KPT a pwofite voye solidarite l bay tout viktim yo, sitou sila yo ki pèdi yon moun nan dram sa ki pase Pòdepè a.

N ap raple, sòti 30 novanm rive ayè 23 desanm nan, Fwon Fwa a rive afekte plizyè vil nan peyi a tankou jeremi, Okap ak Pòdepè. Nan Jeremi, genyen 3 moun ki pèdi lavi yo, 13 blese, 3 lòt disparèt pandan 60 moun oblije kite kay yo. Nan Okap, yon timoun te pèdi lavi l, e otorite yo te dekrete eta ijans 2 jou aprè lapli te fè gen gwo inondasyon nan plizyè zòn nan vil la. Nan Pòdepè, bilan pasyèl yo fè kwè genyen 5 moun ki mouri, plizyè kay kraze e vil la inonde ak dlo sa ki fè gen anpil labou.

Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 366
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Daprè Nasyonzini plis pase 200 granmoun te mouri nan Masak Waf Jeremi an

Next Post

Gouvènman an anonse divès mezi pou ede viktim move tan nan depatman Nò ak Nòdwès la

Mag Haiti

Mag Haiti

Next Post
Gouvènman an anonse divès mezi pou ede viktim move tan nan depatman Nò ak Nòdwès la

Gouvènman an anonse divès mezi pou ede viktim move tan nan depatman Nò ak Nòdwès la

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,474)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,921)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,041)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,836)

Nouveaux Articles

  • Avoka Pierre Antoine Borgat tonbe anba bal bandi nan vil Okay
  • Hérold Toussaint appelle à repenser Haïti à travers la pensée sociale du pape François
  • Un pylône endommagé à Péligre plonge Port-au-Prince dans le black-out

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?