Nan yon nòt yo pibliye jodi madi 11 fevriye 2025 lan, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) di li kondane lanmò etidyan CEDI a, Massénat Lebelt.
Nan nòt sa, KPT a di l deja angaje nan yon batay san pitye kont aksyon anpil gang k ap menase lavi ak pwopriyete moun yo. Sa ki selon li atake fondasyon demokrasi a nan peyi a.
Se pou sa li di, li ranfòse lide pou mete lajistis sou dosye divès sitwayen ayisyen ki anba sanksyon nan entènasyonal la. Yon fason pou kapab retabli lapè an Ayiti.
KPT a koube l byen ba devan nouvèl viktim zak ensekirite yo nan peyi a. Li endike li renouvle detèminasyon l pou frennen fenomèn sa.
N ap soulinye, Massénat Lebelt etidyan nan diplomasi nan Sant Detid Diplomatik ak Entènasyonal (CEDI), pèdi lavi l jodi madi 11 fevriye 2025 lan nan sal klas li aprè l fin resevwa yon bal mawon.
© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2025