Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Politique

Konsèy Prezidansyèl la demanti chif RNDDH bay sou lajan y ap fè nan tèt peyi a

Mag Haiti by Mag Haiti
April 30, 2025
in Politique
0
Selon RNDDH, yon konseye prezidansyèl koute leta plis pase 13 milyon goud chak mwa

Nan yon kominike yo pibliye ayè madi 29 avril 2025 lan, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) demanti chif Rezo Nasyonal K ap Defann Dwa Moun yo (RNDDH) bay sou lajan yo ta koute trezò piblik la. Laprezidans fè konnen nonsèlman chif yo pa egzat, men gen nan yo òganis lan ta ajoute sou yo, pandan gen lòt yo di ki pa menm egziste jan yo vle fè konprann li a.

«KPT a sezi wè yon rapò Òganizasyon RNDDH sòti sou fonksyonman Prezidans la, KPT a pote yon demanti fòmèl ak sa ki di nan rapò sa a. Chif ki avanse yo pa egzat. Genyen yo gonfle e kèk ladan yo kareman fo, pa egziste ditou», daprè sa yo ekri nan kominike sa a.

Selon sa yo fè konprann, RNDDH ta pran nan move sous, e rete kwè se erè yo fè nan divès chif yo te pibliye yo. Se pou sa, yo defann tèt yo pou di bidjè KPT a ki gen 9 manm kounye a pa koute plis kòb pase lè te konn gen yon sèl prezidan nan peyi a.

Kontrèman ak Rezo a ki te detaye pou di yon grenn konseye koute trezò piblik la 13 milyon goud pandan yon mwa san lòt depans pa ladan l, ebyen laprezidans pito chita sou ponderasyon pou kontrekare yo. Men konparezon yo fè sou bidjè pase yo: ansyen prezidan Michel Martelly te koute 2,2 % nan lane 2014-2015, epi 1,5% nan lane 2015-2016, Jocelerme Privert te koute 1,7 % nan lane 2016-2017, Jovenel Moïse sòti 2017 rive 2021 li te depanse o total 6,3%, Ariel Henry te koute 2,3% sòti 2021 pou rive 2023. Ofinal, genyen Ariel ak KPT a ki te koute 1,3% nan lane 2023-2024, epi genyen KPT a poukont li ki koute 1,7% sòti 2024 rive ane 2025 la.

Konsèy Prezidansyèl la di li rete kwè moman twoub pèp ayisyen an ye a rapò sa ki gen move chif la plis anvlimen sitiyasyon an. Nan sans sa, li konseye tout òganis ki bezwen enfòmasyon pou pase nan sekretarya laprezidans la yon fason pou yo kapab jwenn bon jan enfòmasyon sou fonksyonman yo.

N ap soulinye, nan rapò RNDDH te pibliye vandredi 25 avril 2025 lan, yo te revele yon konseye koute trezò piblik lan 13 500 000 goud chak mwa. Yon lòt kote, yo di yo jwenn yo chak la touche 93 500 000 goud, sa ki fè yon total 1 122 000 000 goud sou tout yon ane. Pou sa ki gen pou wè ak lòt depans yo, òganis la soulinye 9 gwo tèt yo jwenn yo chak la 3 500 000 goud kòm lajan manje. Epi pou peryòd fèt sitou pou Pak la, yo te leve ant 3 milyon ak 5 milyon goud, yon chif laprezidans di ki pa egziste.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025

Comments

commentaires

Nombre de vues: 252
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Ansyen foutbolè ayisyen Jeff Louis revele li pè mouri akoz gwo menas gang yo

Next Post

Quatre photographes haïtiens retenus pour la 4ᵉ édition des Oscars de la Photographie Africaine

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Quatre photographes haïtiens retenus pour la 4ᵉ édition des Oscars de la Photographie Africaine

Quatre photographes haïtiens retenus pour la 4ᵉ édition des Oscars de la Photographie Africaine

Leave a Reply Cancel reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,053)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,812)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,878)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,694)

Nouveaux Articles

  • Avan pwojè konstitisyon an pèmèt yon jèn vin prezidan Ayiti ak 30 lane
  • Gwoup gang Savyen yo masakre pou pi piti 11 moun nan yon legliz Ti Rivyè Latibonit
  • Lajistis amerikèn rekonèt Chèf gang Yonyon koupab nan dosye kidnaping sitwayen ameriken yo

RSS Fact Checker

  • Avant l’investiture de Trump, Meta abandonne son programme de fact-checking
  • Désintox : la Chine fait-elle face à une nouvelle épidémie appelée HMPV ?
  • Désintoxication : la femme qui a lancé la rumeur sur les Haïtiens à l’Ohio se rétracte
  • La vidéo de l’homme qui tue un chat avec ses dents répertoriée sur un blog zimbabwéen

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?