Moun ki rete nan komin Taba pase yon move lannuit ayè lendi 24 fevriye a anba gwo kout bal bandi ki pa t sispann chante. Yon lòt kote, nèg ak zam yo rive antre Dèlma 30 jodi madi 25 fevriye 2025 lan kote yo gentan ap boule kay malere yo. Se yon atak ki lakoz anpil moun gentan ap kouri kite kay yo yon fason pou chape poul yo anba vyolans kriminèl Viv ansanm yo.
«Nèg yo nan zòn nan, nan mache ki 30 lan», se kri dezespwa yon abitan zòn sa a ki fè Mag Haiti konnen aktyèlman li pami moun k ap eseye kite Dèlma 30.
Nan Dèlma 19, sitiyasyon an pa diferan. Men, aktivite yo ap kontinye menmsi byen bonè maten an te gen anpil tire. Kote bal mawon te menm rive ateri nan lakou kèk abitan.
Pou kounye a, plizyè sous nou ka fè konfyans revele nèg ak zam yo ap mete dife nan Dèlma 30. Pandan popilasyon an li menm ap kouri kite kay yo avèk anpil laperèz.
Fòk nou di, son bal ki t ap chante nan zòn Taba yo nan lannuit lendi 24 fevriye 2025 lan pou rive maten madi a te rive jwenn tout abitan nan Dèlma 33, ak zòn ki sou kote li yo.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025