Yon jou aprè Etazini te deside bloke lajan li te di l ap bay Misyon Miltinasyonal Soutyen ak Sekirite a (MMSS) kòmandan an chèf la, Godfrey Otunge deklare fòs la rete yon prioyite pou gouvènman ameriken an. Li fè deklarasyon sa nan yon rankont ak laprès jodi mèkredi 5 fevriye 2025 lan.
Kòmandan Otunge pote presizyon sou desizyon admintrasyon Trump lan pou fè konnen menm jan ak nenpòt gouvènman tranzisyon, gen chanjman ki ap fèt. Se pou sa, li deklare : «Nan kad egzamen kontinyèl 90 jou gouvènman ameriken an misyon an ap kontinye san kanpe, ak tout mekanis ki nesesè ki gen an plas yo».
Malgre tout deklarasyon sa yo, kòmandan kenyan an pa t kache preyokipasyon l sou 13 milyon dola Etazini te kontribye pou ede fòs la. Sa ki fè li konsidere kesyon an kòm yon dout an annatandan revizyon konplè asistans devlopman an.
Poutan, daprè sa l di, kantite lajan sa a reprezante mwens pase 3% èd misyon an, Pandan yo kontinye ap resevwa gwo sipò nan men lòt peyi k ap kontribye yo. «Fon afektasyon espesyal Nasyonzini rete finansman pou sipòte misyon an», se sa li fè konprann.
Mesye Otunge te pwofite mikwo travayè laprès yo pou l fè konnen Etazini ak lòt nasyon patnè yo kontinye bay MMSS la sipò lojistik, finansye, materyèl, ak vòl soutyen ki prèske rive chak jou. Pandantan sa, li fè kwè depatman defans ak depatman deta rete angaje nan operasyon y ap mennen yo.
Pou fini, Godfrey Otunge bay pèp ayisyen an asirans misyon an ap kontinye fè travay li. Li tou pwofite anonse jedi 6 fevriye k ap vini la yon 4yèm gwoup polisye kenyan ap Ayiti
epi elikoptè CASEVAC ak MEDEVAC, k ap sòti Salvadò, ap vin livre materyèl nan fen semèn nan tou. Li deklare tout sa yo mete sou vini nouvo militè salvadoryen yo pwouve tout bagay ap byen mache bò kote yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025