Nan gwo seremoni fineray ki fèt jodi mèkredi 19 mas 2025 lan, nan vilaj Kajiado, Otorite kenyan yo rann polisye Samuel Tompoi Kaetuai yon dènye omaj. Nan antèman sa a, anpil sitwayen te pwofite selebre pou yon dènye fwa lavi polisye sa yo konsidere kòm ewo a. E ki te tonbe nan afwontman ak gang Savyen yo nan Latibonit.
«Repoze nan lapè ofisye», se pawòl sa yo Polis Sèvis Administrasyon (APS) kenyan an pataje sou rezo sosyo li yo. San yo pa bliye mansyone tou Kaetuai se yon ewo, nan moman kòtèj lapolis la pote kò viktim nan rive nan vilaj Kajiado a.
Nan menm sans sa a, depatman Latibonit te li menm tou rann yon dènye omaj ak polisye kenyan an jou ki te lendi 10 mas 2025 la. Selebrasyon sa te fèt nan pawas Sen Jewòm Tirivyè Latibonit la an prezans plizyè otorite ayisyen ak kenyan. E se aprè sa a kò ajan an te rive Kenya yon fason pou fineray li te kapab fèt nan peyi li.
N ap raple, Samuel Tompoi Kaetuai te gen 31 lane e li se te premye polisye kenyan ki mouri an Ayiti nan kad batay kont gang yo. Li te pèdi lavi li dimanch ki te 23 fevriye 2025 lan, nan afwontman ak bandi Savyen yo nan zòn Segi, nan Latibonit.
© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2025