Selon sa Jounal CBC News pibliye jounen jodi samdi 8 avril 2023 a, li fè konnen livrezon machin blennde peyi Kanada te gen pou voye bay Polis Nasyonal Dayiti an repouse pou yon mwa, pandanstan nivo ensekirite ap vale teren nan peyi an.
«Moun k ap fè machin yo te fè medya CBC News konnen premye dat livrezon an te dwe fèt 3 me sa, men poutan dat la chanje» selon sa medya CBC News ekri.
Konpayi INKAS ki chita kò li «Mississauga» te siyen yon kontra 18 blennde avèk peyi Dayiti, dat livrezon kontra a se te dènyè jou 2022. Men, nan dat se te 6 MRAP ki te pral livre avèk yo.
«Se pa yon kado peyi Kanada ap fè avèk Ayiti, men se pito yon kontra komèsyal avèk yon antrepriz prive Kanada, kote gouvènman Ayisyen an peye lajan kach pou ekipman an» daprè Justin Trudeau aprè lè l te ale vizite blennde yo nan Konpayi INKAS.
Gouvènman Ayisyen an kontinye pwente dwèt sou konpayi Kanada, akoz li vrèman enpuisan pou li batay avèk bandi nan peyi an parapò avèk gwo zam yo genyen ki diferan avèk Lapolis. Gang yo gen zam rive jiska kalib 50, tandiske Lapolis ayisyen depann de kèk machin blennde ki dwe dispoze.
Mwa ki sot pase la, minis Jistis defakto peyi Dayiti, Emmelie Prophète Milcé, te akize INKAS ki pa respekte tèm kontra li an : «Founisè a pa kenbe pawòl li» selon minis lan.
Alòske konstriktè INKAS la Margarita Simkin ta pral reponn avèk kritik yo : «Sa fè nou lapenn pou nou aprann gen kèk medya an Ayiti ki panse yo gen lisans gratis pou fè manti sou òganizasyon nou an, aktivite nou, sitou obligasyon nou».
Li te kontinye pou li ajoute : «Nou te toujou rete tèt ba pou nou ede pèp Ayisyen ak Lapolis Nasyonal Dayiti, pa sèlman nan kapasite nou, men bokou plis», pawòl prezidan Margarita Simkin.
Paralèlman, li pote damanti sou rapò Ayisyen ki ta fè konnen Sosyete INKAS ta peye nan totalite pou machin blennde yo. Poutan, antrepriz la di li te pèdi lajan sou kontra a.
Anplis, responsab sosyete INKAS te site divès pwoblèm li genyen nan chenn apwovvizyonman kòm prensipal koz kontra a pa respekte kontra a.
«Anpil fwa machin yo konn prèske pare, men yon pyès ki manke avèk 100%, san kaptè a machin lan p ap ka demare» nan sa medya CBS News fè konnen.
«Nou gen pou n mete yon materyèl nan kò blennde yo, men eleman sa yo manke. Anplis, nou mete yon estrateji anplas pou nou wè si nou ka reponn ak dat la egzat» nan sa responsab la rapòte bay medya CBC News.
Gen 4 nan machin yo ki ta dwe pare 3 me, men yo pral pito 24 me epi lòt 3 ap vin 14 jen nan peyi Dayiti, selon sa responsab yo fè konnen avèk CBC News.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023