Nan yon piblikasyon Premye minis demisyonè kanadyen an Justin Trudeau fè aprè midi lendi 3 fevriye 2025 la, li enfòme yon seri desizyon fwontalye peyi li pral aplike. Li fè anons sa aprè l te fin diskite ak prezidan ameriken an, Donald Trump.
Nan piblikasyon sa, Justin Trudeau fè konnen pami desizyon sa yo, Kanada ap aplike plan fwontyè ak 1.3 milya dola. Lè sa y ap ranfòse fwontyè a ak nouvo elikoptè, nouvo teknoloji, ak plis pèsonèl. Yo ap ogmante tou kòdinasyon ak patnè ameriken yo ak plis resous yon fason pou goumen kont trafik dwòg tankou pwodui fentanyl.
«Prèske 10 000 ajan yo ap la e pral sou tè a pou pwoteje fwontyè nou an. Anplis, Kanada ap pran nouvo angajman», se sa nou li sou paj Facebook mesye Trudeau a.
Justin Trudeau ki pa t pran tan pou reyaji suit ap mezi tarif dwanye Donald Trump te enpoze Kanada a, mansyone tou li pral nonmen yon «Tsar» pou responsab pwoblèm fentanyl lan. Pi lwen, li di y ap mete katèl meksiken yo nan lis antite teworis yo epi asire yo yo veye sou fwontyè a 24 sou 24, 7 jou sou 7. Epi ansanm ak Etazini yo ap lanse yon fòs grèv konjwen sou krim òganize, trafik fentanyl ak blanchiman lajan.
Pou fini, Justin Trudeau enfòme li siyen yon nouvo direktiv pou sèvis entèlijans, ki konsantre sou krim òganize ak fentanyl. Pwojè sa ap jwenn sipò gras ak yon envestisman 200 milyon dola, daprè sa li di. «Tarif ladwàn yo pwopoze yo pral kanpe pou omwen 30 jou pandan n ap travay ansanm sou sa», se chèf gouvènman kanadyen an ekri.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025