Ronald Jean Baptiste ki se animatè emisyon tribinal pèp sou radyo Vlaw FM pèdi lavi l ayè jedi 20 fevriye 2025 lan nan lopital inivèsitè lapè a, ki nan Dèlma 33. Sa rive aprè l fin resevwa plizyè kout kouto nan men madanm li.
Daprè enfòmasyon plizyè konfrè jounalis pataje, viktim nan te nan diskisyon ak madanm li, kote li menm ta rive ponyade l. Travayè laprès yo fè konnen tou, madanm nan tou chape poul li aprè li fin fè zak la sou mesye Jean Baptiste. Fòk nou di pou kounye a pa gen enfòmasyon sou idantite akize a.
Sèlman semèn sa a, genyen 2 gason ki rive pèdi lavi yo anba kout kouto. Premye ka a se te Emmanuel Sylvestre, yon kanbiz, ki te jwenn lanmò l nan Okap madi 18 fevriye pase a, aprè Joana Jeune te ba li plizyè kout kouto. 2yèm ka a se Ronald Jean Baptiste ki fè vwèl pou peyi san chapo ayè jedi a akoz madanm li.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025