Nan yon entèvyou li bay Mag Haiti madi ki te 6 me 2025 la, jounalis Jocelyn Justin revele li ap viv nan yon move eta Kiba. Li eksplike menm laswenyay leta te voye li pran nan peyi sa a li paka jwenn akoz yo lage l poukont li kote li ye a. Pwofesyonèl laprès la te viktim nan atak bandi te fè sou lopital Jeneral nan mwa desanm 2024 la.
«Revandikasyon m se jis pou leta ayisyen kontinye pran responsabilite l anvè mwen», se sa viktim nan deklare. Li presize pou di depi aprè minis jistis la, doktè Patrick Pelissier, te voye yo Kiba, espesyalman li menm yo tou vire do ba li san konnen si li kapab peye kay ni jwenn manje.
Menmsi li rekonèt Minis Signal Bertrand te ede l tou ak lajan pandan yon tan, men sa pa anpeche li denonse inaksyon gouvènman an. Puiske, li mansyone se akoz yo menm li te rive viktim lopital Jeneral 24 desanm 2024 la, kidonk yo pa ta dwe ba li vag konsa.
Pou sa ki konsène sante pwofesyonèl laprès la, li deklare jiskounye a li nan difikilte. N ap soulinye, li te pran 2 bal pandan atak la. Youn te pran li nan bouch kote li sanse domaje lòt la te pran li nan men.
«Eta sante mwen pa bon. Mwen al lopital mwen paka jwenn medikaman», li kontinye lonje dwèt sou otorite yo pou di : «Mwen pa jwenn swen, yo abandone m».
Fas ak sitiyasyon sa kote Justin fè konprann se zanmi aletranje k ap ede l peye kay, li pèsiste pou mande leta respekte angajman l, e pou dedomaje l lè l fin pran swen. Annatandan li fè konnen li ta dwe opere nan mwa jiyè k ap vini la. Se pou sa, li pwofite mande pou leta ede l peye kay kote li ye a pandantan sa paske mwayen li pap pèmèt li fè sa a li menm.
Nan menm sans sa a, genyen SOS Jounalis yo ki yo menm tou denonse sitiyasyon jounalis la ap viv la. Nan yon nòt yo sòti ayè madi 6 me a yo mande pou gouvènman an espesyalman Ministè Sante Piblik ak Popilasyon an (MSPP) pou yo aji vit. Paske, selon yo menm, se kredibilite yo fas ak pwomès yo te fè nan dosye sa a ki ap pase anba pye. Yo soulinye tou ka jounalis Velondie Miracle ak!Florise Desronvil ki te viktim tou e ki te rive jwenn laswenyay menmsi pwosesis yo a poko fini.
N ap raple, jounalis Jocelyn plis 9 lòt te viktim nan atak bandi te fè sou lopital Jeneral 24 desanm 2024 la aprè minis sante epòk la, doktè Duckenson Lhorte Blema t al eseye louvri li. Nan menm moman an te genyen 2 pwofesyonèl laprès ki te mouri ak yon polisye, yon aksyon ki te pwovoke anpil pale ak revokasyon minis sa a ki te responsab move zak sa te rive a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025