Moun yo pa rive idantifye touye ayè dimanche 18 desanm 2022 a, jounalis Kiltirèl Franklin Tamar douvan pòt lakay li. Jounalis la t ap travay nan radyo Solidarite, li se te animatè emisyon “Konpa konpa” ak “Samedi culture” nan menm radyo a.
Daprè enfòmasyon Mag Haïti genyen, jounalis Kiltirèl la rann dènye soupi li aprè l fin resevwa 2 bal nan men prezime bandi ki t ap sikile sou moto, aksyon asasinay sila a pase douvan pòt lakay viktim lan nan kafoufèy.
Nouvèl lanmò Franklin Tamar ravaje laprès yon lòt fwa ankò, aprè plizyè lòt deja tonbe nan egzèsis metye jounalis la. Daprè kèk konfrè ki te kolabore avèk li, se te yon moun modès ki te chaje ak kalite epi ki pa te janm konn nan diskisyon ak moun.
“Li se moun tout moun, toujou pare pou l ede moun, epi l toujou evite nan diskisyon avèk moun”, se pami deklarasyon ki fèt sou asasinay jounalis la, pou jiskounya ki pote bon jan latroublay nan sektè a.
“Franklin se modèl sajès animatè, imilite misye te depase konpreyansyon moun”,
daprè deklarasyon yon lòt konfrè nan laprès la ki “destabilize“ak nouvèl lanmò sila.
N ap raple gen plis pase yon lane chenn ensekirite ap vale teren nan peyi a, puiske deja gen 8 jounalis ki tonbe anba bal prezime bandi ak lapolis. Pami non sa yo gen Wilguens Louissaint, Jhon Wesley Amady, Lazarre Maximilien, Tayson Latigue, Frantzsen Charles, Romelson Vilcin, Garry Tess ak Franklin Tamar.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022