Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Politique

Yon arete ki sòti nan jounal Le Moniteur nonmen Alix Didier Fils-Aimé kòm Premye minis Ayiti

Mag Haiti by Mag Haiti
November 10, 2024
in Politique
0
Yon arete ki sòti nan jounal Le Moniteur nonmen Alix Didier Fils-Aimé kòm Premye minis Ayiti

Arete jounal le Moniteur ki revoke Garry Conille nan tèt gouvènman an pou ranplase l avèk Alix Didier Fils-Aimé pran lari jodi dimanch 10 novanm 2024 la, poutan daprè sa ki ekri nan dokiman an li te dwe pibliye ofisyèlman demen lendi 11 novanm nan. Arete sa a pibliye aprè yon reyinyon ki te fèt nan lannuit vandredi 8 novanm 2024 la, kote manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) te deside nan yon rezolisyon pou retire Garry Conille kòm Premye minis peyi a.

« Lè n konsidere rezolisyon ki pran nan dat 8 novanm 2024 la, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an nan konsansis chwazi kòm premye minis Alix Didier Fils-Aimé », daprè sa nou li nan arete Le Moniteur a ki ta dwe pibliye lendi 11 novanm nan.

Smith Augustin, Louis Gérald Gilles, Fritz Alphonse Jean, Laurent Saint-Cyr, Emmanuel Vertilaire, Leslie Voltaire, Régine Abraham, ak Frinel Joseph se moun sa yo ki siyen rezolisyon sa pou revoke Garry Conille an. Nan tout 9 manm KPT a se sèlman Edgard Leblanc Fils ki pa t deside siyen rezolisyon sa.

Se yon dezisyon ki vini aprè gwo pwoblèm ki te genyen ant Premye minis Garry Conille ak KPT a. Kote nan yon bò, PM nan pa t vle revoke minis zafè etranjè li a, Dominique Dupuy aprè eskandal ki te fèt Etazini an. E nan yon lòt bò, li pa t vle fè chanjman nan gouvènman li an e t ap mande pou 3 konseye prezidan ki enplike nan dosye koripsyon BNC a pou ta retire kò yo nan KPT a.

Poutan, fòk nou di PM Garry Conille te pran devan nan yon lèt korespondans li te voye jodi dimanch lan bay direktè jeneral jounal Le Moniteur a, Ronald Saint-Jean kote li te mande l pou pa pibliye rezolisyon revokasyon Konsèy la pran an.

Pou sa ki konsène nouvo chwa Konsèy la, n ap raple Alix Didier Fils-Aimé te kandida pou te premye minis nan moman KPT a te gen pou l te chwazi moun ki ap dirije peyi a aprè demisyon Ariel Henry. Nan lane 2016, li te kandida pou senatè Lwès.

Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 523
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Lapolis arete yon polisye ak tout madanm li pou trafik bal

Next Post

Lari Pòtoprens leve anba gwo kout bal aprè anons revokasyon PM Garry Conille an

Mag Haiti

Mag Haiti

Next Post
Lari Pòtoprens leve anba gwo kout bal aprè anons revokasyon PM Garry Conille an

Lari Pòtoprens leve anba gwo kout bal aprè anons revokasyon PM Garry Conille an

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,382)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,884)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,993)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,789)

Nouveaux Articles

  • Haïti bénéficiera 283 millions de dollars venant de la Banque interaméricaine de développement
  • Depatmant sekirite enteryè Etazini an mete yon bout ak pwogram imanitè Biden nan
  • Haïti : 1,3 million de déplacés internes, un record selon l’OIM

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?