Joane Jeune se non madanm sa ki rive touye ak kouto yon kanbiz ki se papa 4 pitit nan vil Okap, ki twouve l nan depatman Nò peyi a. Aksyon sa a pase jodi madi 18 fevriye 2025 la, nan « Hôtel le Flambeau » ki pa twò lwen ak moniman Vètyè yo.
Viktim nan idantifye kòm Sylveste Emmanuel. Plizyè jounalis nan site Kristofyèn nan fè kwè li se yon kanbiz ki konn chanje lajan ameriken nan kafou Zovensan. Mesye sa a jwenn lanmò l aprè l ta fin fin resevwa plizyè kout kouto nan men madanm Jeune ki ta koupe zouti mesye a. Madanm sa a se ta yon moun ki konn ap travay nan kafe.
Daprè enfòmasyon plizyè medya lokal rapòte, aprè l fin fè zak la, Joane Jeune ki gen 38 lane t ap eseye sove ak anviwon 200 000 goud pou viktim nan. Selon presizyon yo, lajan sa te nan valiz mesye Sylveste.
Plizyè kanbiz parèy viktim nan deklare madanm sa ki toujou nan yon kafe nan zòn Zovensan an te mande mesye Sylvestre pou l al chanje yon kòb pou yon dyaspora ki te avè l anndan otèl la. Nan detay yo bay yo, yo eksplike efektivman Emmanuel te ale ak dam nan vre depi nan anviwon midi e te menm prete kòb nan men lòt mesye yo pou l te al vann.
Pou kounye a, Joana Jeune nan men lajistis pou krim sa li fè sou Sylvestre Emmanuel. N ap soulinye mesye a mouri kite 4 pitit dèyè.
Zak gason ap touye fanm osnon fanm ap touye gason ak kout kouto yo kontinye ap repete nan peyi a. N ap raple, nan dat ki te premye novanm 2024 la, Dannecy Lafalaise te touye mari l Jean Negot Dominique ak kout kouto tou. Aksyon sa te pase nan vil Jakmèl kote viktim nan t al rann dènye souf li lopital Sen Michèl la.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025