Nan kad enstriksyon l ap mennen nan dosye koripsyon nan Bank Nasyonal Kredi a (BNC), jij Benjamin Felismé mete manda ayè lendi 23 desanm 2024 la, dèyè ansyen prezidan konsèy administrasyon bank sa, Raoul Pierre-Louis ak Lornick Léandre.
Menm jan li te anonse l la, jij enstriksyon Benjamin Felismé bay lapolis dwa, daprè atik 30 ak 77 kòd enstriksyon kriminèl la, pou arete epi mennen ba li Raoul Pierre-Louis ak Lornick Léandre. Ansyen prezidan BNC a akize kòm moun ki nan koripsyon e moun ki te konn bay lajan anba tab. Alòske, Lornick Léandre li menm akize kòm konplis li nan bay 3 konseye prezidan yo lajan anba tab.
Nan menm sans lan, jij Felismé envite tou ak tit temwen Me Jonas Coffy. Li menm l ap gen pou temwanye.
N ap raple nan kad dosye sa, Konseye prezidansyèl Smith Augustin, Emmanuel Vertilaire, ak Louis Gérald Gilles pa t mete pye nan envitasyon jij la te fè yo 9, 10 ak 11 desanm pase a. Pou eksplikasyon, 3 konseye sa yo te fè tout moun konnen ak estati yo genyen an pa gen pyès moun ki ka fè yo al eksplike yo devan yon jij.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2024