Kontrèman ak jan yo te anonse l, konpayi ayeryen JetBleu di li pap retounen fonksyone Ayiti nan mwa avril la ankò. Desizyon sa pran akoz pwoblèm yo estime ki genyen nan peyi a, daprè sa Miami Herald deklare nan yon atik ki pibliye jodi jedi 6 mas 2025 lan.
«Akòz twoub sivil yo k ap kontinye an Ayiti, nou pran desizyon pou sispann tout vòl pou ale ak sòti nan peyi a jiska omwen 11 jen 2025», se sa youn nan responsab yo deklare.
Responsab yo deside pou yon lòt fwa sispann vòl yo sou Ayiti sitou nan Ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture a, alòske yo te prevwa retounen nan mwa avril la k ap vini la. Kidonk, JetBleu pran desizyon pou pwolonje pou 11 jen 2025, vòl li yo sou Ayiti, selon enfòmasyon jounal ameriken an rapòte pandan l site deklarasyon yon pòt pawòl konpayi a.
Pòt pawòl la te sitou mete aksan sou pwoblèm sivil yo ki pa sispann fèt nan peyi a se pou sa li deklare : «Pi gwo priyorite nou rete sekirite ak byennèt kliyan nou yo ak manm ekipaj nou yo», se sa l te di medya a.
Malgre sa, jounal la fè konnen pòt pawòl la pwomèt pou kontinye kontwole sitiyasyon an ak anpil atansyon epi repanse sou plan yo fas ak nesesite yo.
N ap raple, se depi mwa novanm 2024 vòl yo te sispann sou Ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture a aprè atak gang yo te fè sou ayewopò sa a. Sa ki te fè, diferan konpayi avyon yo te pran desizyon kanpe vòl kòmèsyàl yo sou peyi a sitou nan Pòtoprens.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025