Nan yon nòt li pibliye jodi mèkredi 19 mas 2025 lan, direksyon Centre de Formation en Communication et en Administration an (ISNAC) anonse li kanpe aktivite li yo. Sa ki fè etidyan ak pwofesè yo pap ka kontinye fonksyone akoz desizyon sa ki pran pa rapò ak kondisyon sekiritè kapital la.
Nan nòt sa responsab ISNAC yo fè konnen kou li yo kanpe depi jodi mèkredi a pou jis 31 mas 2025 lan. Enstitisyon an di l pran mezi sa akoz jan sitiyasyon sekiritè peyi a ap vin pi mal nan Pòtoprens.
«Nou konsyan pou pwoblèm ki gen rapò ak kanpe travay sa, direksyon an ap chèche kounye a tout altènativ posib pou asire konte fòmasyon etidyan yo kontinye e rekòmanse aktivite akademik yo nan pi bon kondisyon yo», se sa nou li nan nòt yo a.
Pandantan sa, direksyon an di l espere gen yon klima sekiritè ki tounen rapid pou aktivite kou yo kapab reprann. Li soulinye tou li rete ap gade evolisyon sitiyasyon an.
Yo se plizyè lekòl ak fakilte nan peyi a ki deside fèmen pòt yo akoz jan ensekirite a ap ogmante a. Nou ka site enstitisyon Saint Louis de Gonzague, Collège Roger Anglade, Fakilte Syans Moun (FASCH) ak Enstiti Nasyonal Administrasyon Jesyon ak Etid Avanse Entènasyonal yo (INAGHEI).
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024