Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Inisyativ Sosyete Sivil di li gen gwo kè sote pou sitiyasyon sekiritè peyi a

Mag Haiti by Mag Haiti
August 8, 2024
in Société
0
Inisyativ Sosyete Sivil di li gen gwo kè sote pou sitiyasyon sekiritè peyi a

Nan yon nòt li pibliye mekrèdi 7 dawout 2024 la, Inisyativ Sosyete Sivil (ISC) di se ak anpil enkyetid li ap gade evolisyon sitiyasyon sekirite a ak sosyopolitik nan peyi a. Yo di yo fè remak la depi lè Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) an ak gouvènman Premye minis Garry Conille ap dirije a pran pouvwa a.

ISC di li konstate nan zafè sekirite bandi yo boude pwopozisyon depoze zam chèf primati a te fè yo a, epi yo refize rekonèt otorite leta. Yo kontinye pou di: “gang yo malgre pèt yo anrejistre, ap òganize tèt yo pou reziste epi fè fas ak entèvansyon fòs nasyonal ak miltinasyonal la”.

Nan nòt sa, asosiyasyon an detaye pou l fè konprann bandi yo atake anpil byen nan pi wo nivo leta a. Pandantan sa, yo soulinye krim òganize nasyonal ak entènasyonal la detèmine pou kenbe peyi a nan sitiyasyon feblès li ye a. Alòske, responsab yo pa kapab pwoteje popilasyon an ni ba yo sèvis ki pi fondamantal yo tankou asire sekirite, sante, edikasyon, e menm bay posiblite pou moun yo siviv.

ISC eksprime gwo tèt chaje ki genyen lè yo konsidere kriminèl yo òganize tèt yo pou kontinye sèvi ak peyi a kòm zòn pou fè tout tip trafik.

«Lidè aktyèl yo ansanm ak kominote entènasyonal la, ki bay sipò li, dwe fè bilan sou danje ki menase peyi a ak rejyon an. Jefò yo dwe koresponn ak responsablite yo ak defi aktyèl la, nan sa ki gen pou wè ak finansman, pèsonèl, ekipman, minisyon ak ekspètiz. Twoup yo ak ekipman an plas pa kapab ase. Anplis sa, etablisman Konsèy sekirite nasyonal la se yon nesesite», se sa nou li nan nòt sa.

Nan sans sa, responsab yo nan estrikti a kwè pouvwa egzekitif la ta dwe nan yon tan tou kout mete kanpe pwosesis pou mete kontwòl sou aksyon gouvènman an. Se nan konsa, yo eksplike sa ap kapab pèmèt diferan sektè nan sosyete a rive chwazi pèsonalite kredib, konpetan e ki gen eksperyans pou ka voye je sou aksyon gouvènman an.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 565
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Steeves Valentin prend les rênes de l’AHML

Next Post

États-Unis : environ 712 226 personnes en situation d’immigration irrégulière au premier semestre de 2024

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
États-Unis : environ 712 226 personnes en situation d’immigration irrégulière au premier semestre de 2024

États-Unis : environ 712 226 personnes en situation d'immigration irrégulière au premier semestre de 2024

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (85,835)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,764)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,811)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,658)

Nouveaux Articles

  • ULCC revele ansyen direktè OFATMA a te fè magouy pou zanmi politik li fè lajan nan leta
  • Stéphanie Désir, une personne à mobilité réduite arnaquée par un ancien membre du BSEIPH
  • ULCC mande lajistis mare Renan Hédouville ak 6 akolit li nan OPC

RSS Fact Checker

  • Avant l’investiture de Trump, Meta abandonne son programme de fact-checking
  • Désintox : la Chine fait-elle face à une nouvelle épidémie appelée HMPV ?
  • Désintoxication : la femme qui a lancé la rumeur sur les Haïtiens à l’Ohio se rétracte
  • La vidéo de l’homme qui tue un chat avec ses dents répertoriée sur un blog zimbabwéen

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?