Nan yon konferans pou laprès ki fèt ayè lendi 16 jen 2025 lan, mèt Arnel Remy, denonse Kominote Karayib la (CARICOM) ki selon li tanmen demach pou chita ak aktè politik ki te akouche Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) ki la a. Daprè defansè dwa moun nan, KPT sa a se yon estrikti ki te pèmèt kèk aktè pwofite vin rich sou do pèp la. Se sa k fè, li di « inisyativ 24 avril 2025 » lan pap dakò pou CARICOM tounen ak yon nouvo fòmil KPT ankò.
Nan sans sa a, Kòdonatè Kolektif Avoka K ap Defann Dwa Moun yo (CADDHO), mèt Arnel Remy fè kwè solisyon an se nan kou kasasyon li ye. « Aprè 7 fevriye nou pa pral pale koze KPT, nou prale dwat nan pouvwa jidisyè ki gen yon jij ki reprezante l », se pawòl sa yo li deklare nan mikwo laprès.
Yon lòt bò, defansè dwa moun nan mande pèp la pou mobilize pou yo pran chimen konstitisyon an. Paske li soulinye se pouvwa jidisyè a ki gen priyorite pou konpoze leta a. Se nan sans sa, li di yo pap dakò ak lojik pou ta retounen ak KPT a. Se pou sa, li deklare 7 fevriye 2026 se dat pou KPT a kraze puiske li te fèt parapò ak akò 3 avril 2024 la, ki jiskounye a pa janm pibliye.
N ap raple « Inisyativ 24 avril 2025 » lan se yon estrikti ki regwoupe yon trantèn pati politik, òganizasyon sosyo-politik ak pèsonalite nan sosyete sivil la. Ladan l nou jwenn ansyen Premye Minis Jean Michel Lapin, ansyen senatè Jean Renel Sénatus, ansyen kòdonatris PNCS la Djina Guillet Delatour, ansyen depite Deus Deronneth, Mèt Raynold Georges, Mèt Arnel Remy. Fòk nou di, nan jou ki te madi 20 me pase a, yo te prezante plan gouvènans tranzisyon an, ki selon yo, se kou kasasyon an ki ta dwe dirije l.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025