Nan yon nòt manm konsèy Enstiti Nasyonal Administrasyon Jesyon ak Etid Entènasyonal Avanse yo (INAGHEI) ki pote dat 13 mas 2025 lan, yo anonse yo kanpe aktivite yo pou yon ti tan. Desizyon sa pran akoz pwoblèm ensekirite a k ap vin pi grav nan zòn kote fakilte sa a chita kò li nan avni Kristòf la.
Responsab yo nan fakilte a ki poko bay dat y ap reprann avèk kou yo fè konnen y ap evalye sitiyasyon an pou yo ka kominike yon dat nan pa lontan. Anplis, yo soulinye desizyon sa ki pran pou kanpe travay yo pap afekte tout aktivite yo. Se nan sans sa, yo fè konprann gen nan kou yo k ap kontinye fèt anliy osnon nan yon lòt lokal.
Yo site Lise Petyonvil la ki deja pare pou resevwa yo depi jodi 15 mas la e tout pandan jou wikenn yo. Se yon fason pou aktivite akademik yo k ap kontinye.
N ap soulinye, se dezyèm fakilte ki fèmen pòt li aprè konsèy dekanal Faklite Syans Moun yo (FASCH) yo te deside fè l tou.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025