Nan yon atik chèn televizyon Fox11 pibliye 20 fevriye 2025 lan, yo fè konnen imigrasyon Etazini pwopoze imigran yo siyen yon dokiman ki ka fè yo pèdi rezidans yo. Selon medya ameriken an, dokiman sa ki pote non I-407 an depi yon moun siyen l, imedyatman l ap tou pèdi rezidans li e okenn avoka pap ka plede pou chanje sitiyasyon li an.
« Depi w ranpli fòmilè I-407 la, ou tou abandone estati legal rezidan pèmanan Etazini an ak pwòp volonte w », se deklarasyon avoka Jose Osorio, ki se yon espesyalis nan dosye imigrasyon. Selon eksplikasyon pwofesyonèl la medya a rapòte, se nan moman imigran sa yo ap retounen Etazini aprè yon vwayaj yo te fè yo ap gen pou pwopoze yo pou siyen dokiman sa.
Fòk nou di, atik Fox11 lan vini nan yon moman kote gen plizyè ka moun ki deja siyen dokiman sa a. Sa ki fè yo tou pèdi rezidans yo san yo pa konnen. E yo soulinye, depi ou siyen dokiman I-407 la, otorite imigrasyon yo ap otomatikman gen dwa pou depòte w.
Se poutèt sa, plizyè moun tanmen gwo kanpay pou avèti imigran ki gen rezidans yo yon fason pou yo pa pran nan pyèj sa a. E se nan menm lojik sa a avoka Jose Osorio konseye tout moun pou yo pa siyen anyen yo pa konprann.
« Sèl yon jij imigrasyon kapab retire estati rezidan yon moun, men si yon moun fè l poukont li nan ayewopò a pa gen twò gwo bagay yo ka fè pou li pou tounen sou dezisyon an », daprè sa li di. Li mansyone tou, moun ki gen rezidans kapab vwayaje fè 180 jou deyò san pwoblèm men yo dwe veye tout papye yo ap di yo siyen.
Avoka ayisyen yo k ap travay nan koze imigrasyon dekonseye kategori moun sa yo vwayaje pou kounye a:
1- Si w te gen rezidans depi 2 lane ki ekspire, men ou nan pwosesis pou w renouvle li ;
2- Moun ki pèdi kat rezidans yo ;
3 Moun ki te sou lis depòtasyon menmsi yo vin gen rezidans ;
4- Moun ki gen rezidans, men ki vin gen dosye kriminèl sou do yo ;
Pou fini, avoka ameriken an di moun yo dwe aprann konn dwa yo. Se pou sa, li presize ajan dwanye yo gen sèlman 3 kesyon pou yo poze imigran yo. Daprè li, kesyon yo dwe pati konsa : idantite moun nan, prèv sou rezidans lan, kesyon baz yo tankou èske yo pote manje etranje ak si yo gen plis pase 10 000 dola ameriken sou yo.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025