Wilbert Jean-Baptiste se non prizonye ayisyen sa a Sèvis Imigrasyon ak Dwàn (ICE) anonse jodi madi 11 mas 2025 lan yo arete nan eta Massachusetts. Selon presizyon yo bay, endividi sa se te youn nan prizonye ki te sove lè prizon t ap plede kase Pòtoprens nan mwa mas 2024 la.
«Sèvis Imigrasyon ak Dwàn Etazini te arete 4 fevriye a Wilbert Jean-Baptiste, ki gen 38 lane, ki se yon moun ki konn touye moun e y ap chache Ayiti aprè prizon te kase», daprè sa nou li sou sit ICE a.
Yo eksplike arestasyon sitwayen sa a vini aprè gouvènman ayisyen an te enfòme yo 3 fevriye pase a, Wilbert se yon prizonye ki te sove Ayiti e ki konn touye moun. Se sa ki fè, yo soulinye yo te tou al arete li jou ki te 4 fevriye a. Yo fè konnen lapolis kenbe li kounye a annatandan yo voye l tounen Ayiti.
Yon lòt kote, ICE revele lapolis sou fwontyè amerikèn yo te arete endividi sa deja nan dat ki te 23 oktòb 2023 a. Daprè yo se te paske li te antre Etazini san papye. Yo kontinye pou di jij te menm pase lòd pou yo te depòte l 17 me 2024 la. Men, yo presize li te rete pou te tann lòt pwosedi imigrasyon yo.
Lapolis Nasyonal Ayiti a (PNH) a atravè nòt li te sòti 6 me 2024 la te pase lòd pou arete tout prizonye ki te sove Penitansye ak lòt prizon sivil ki te kase nan mwa mas 2024 la. N ap raple nan moman sa a, fòs lòd yo te sèlman pibliye non 98 evade, pandan Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti (BINUH) te fè konprann gen plis pase 4 600 prizonye ki te chape poul yo nan evènman sa yo.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025