Jounen jodi mèkredi 28 septanm 2022 a, selon plizyè enfòmasyon medya pataje, “gwoup gang Vitelhomme k ap opere nan zòn Tòsèl la kraze mi ki separe Bèlvil ak Tòsel la avèk yon gwo bakolodè nan lannwit madi pou rive mèkredi maten an.
Depi Ayè madi a te gen anpil tire ant lapolis avèk gwoup gang Vitelòm ap dirije a. Pou kounya gen plizyè bakòp avèk anpil polisye ki prezan nan lokalite sa yo, men mi an gentan kraze deja.
Gwoup gang k ap dirije sou lòd Vitelhomme yo pa janm chome, se chak jou pi plis y ap kreye latwoublay nan plizyè lokalite sou wout Tòsèl, Bèlvi,Taba, elatriye. Pandan, akademi Lapolis la pa twò lwen ditou avèk yo.
N ap raple gwoup gang sa ki gen nan tèt li ladan l Vitelhomme, ap frape popilasyon an depi byen lontan epi vle pran kontwòl tout zòn ki nan anvironman Tòsèl la. Nan mwa me a, lapolis te fè konnen li te rive touye 5 nan yo epi arete 6 lòt nan gwoup gang sa.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022