Pou pi piti 11 moun pèdi lavi yo nan yon masak gwoup gang Savyen yo fè ayè madi 20 me 20025 lan anndan Église Maranatha de Preval ki chita kò li Ti rivyè Latibonit. Selon temwanyaj prezidan Inyon Legliz Batis Ayiti (UEBH), pastè Jean Robert Bilda, pami viktim yo genyen pastè legliz Maranatha a, Jacques Brutus ki te genyen 86 lane.
«Ayè gwoup ame a antre legliz la yo masakre tout moun yo jwenn. Yo rache pastè a avèk manchèt», se sa pastè Jean Robert Bilda deklare sou Radyo Televizyon Karayib jodi mèkredi 21 me a nan yon entèvansyon li te fè.
Pi devan, li eksplike nèg ak zam yo mete dife nan legliz la. E fè konnen moun sa se te fidèl legliz la ki te konn ak defen pastè a. Li soulinye yo mouri akoz batay ki gen nan zòn nan nan divès kan.
Pou sa ki gen pou wè ak kadav yo, li fè konprann yo rive jwenn 2 pami yo rès ko pastè Brutus.Tandiske lòt yo li di yo pa ka pran yo puiske zòn nan difisil.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025