Pou aprè midi lendi 21 oktòb 2024 la, plizyè zòn nan kapital peyi a konnen gwo tansyon. Solino, wout Ayewopò se pami zòn ki te gen anpil tire ladan yo.
Se yon jounen lendi ki te kòmanse ak anpil kout bal nan nivo Akayè, Taba ak Solino kote abitan yo kontinye ap lanse SOS.
Pou kounye a, se anpil tansyon ki genyen nan kèk zòn tankou Boudon, Kanapevè, Dèlma 32 ansanm ak zòn Kriswa kote genyen kawotchou ki ap boule nan lari a. Yon sitiyasyon ki mete mache prese lakay kèk sitwayen. Tansyon sa ki genyen an lakoz moun pa jwenn machin piblik nan divès zòn nan peyi a
N ap fè konnen ane eskolè 2024-2025 lan apèn sou 4yèm semèn li. Men, sitiyasyon sekiritè peyi a ki ap vin pi mal chak jou fè kèk moun ap kesyone sou avni rès jou lekòl ki rete pou ane a pa rive pèdi menm jan sa konn fèt deja yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024