Ouragan Milton k ap pase jodi mèkredi 9 oktòb 2024 la, sou Eta Florid nan Etazini kapab fè genyen gwo inodasyon ant Tampa ak Fort Myers. Inodasyon yo ka rive jiska 15 a 18 pye daprè sa otorite yo kominike.
Pandan pasaj li nan vil sila, Milton pwovoke anpil gwo van ak lapli. Menmsi li sòti nan kategori 5 pou desann nan 3 sa pa anpeche otorite yo kwè pandan nwit lan ouragan sa ap rive a fòs sou eta Florid.
Nan yon atik France 24 pibliye jounen mèkredi a, li fè konnen se ta premye fwa nan plis pase 100 lane vil sa a ta dwe dirèkteman touche pa yon fenomèn klimatik nan nivo sa a. An menm tan an li soulinye, depi pasaj yon siklòn kategori 3 an 1923, Tampa te toujou chape anba katastwòf prèske pa mirak.
Ron DeSanti ki se gouvènè Florid la kalifye ouragan Milton «mons» pwiske meteyowològ yo prevwa l ap depase 200 km/lè yon fwa li rive sou tè a.
N ap soulinye, Milton rive nan Florid 2 semèn aprè siklòn Hélène ki te pase a te lakoz anviwon 230 moun pèdi lavi yo. Se yon ouragan ki lage anpil enkyetid lakay divès abitan k ap viv an Florid.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024