3 jou aprè yon labalèn te echwe bò rivaj komin ki rele Obòy la, nan Nò peyi a, otorite anviwonmantal ak minisipal yo fè konnen ayè madi 18 fevriye 2025 lan, li reprezante yon gwo danje pou sante ak anviwonman moun yo. Avètisman sa a vini nan yon moman kote moun nan zòn sa pa t sispann rache pwason sa pou yo te al manje osnon al vann nan mache.
« Nou menm ki nan Ministè anviwonman akonpanye lameri nou mande tout moun nan zòn nan pou yo evite apwoche bò labalèn nan. Paske a nenpòt moman li kapab eksploze. Si l eksploze ap gen plis dega », se pawòl youn nan antèt Ministè anviwonman aprè konsta ki t ap fèt. Pi lwen, li presize tou se yon bèt ki avan menm li te vin ateri kote l ye a te gentan an dekonpozisyon. Sa ki vle di, vyann nan pa bon e li gen move sant.
Menm responsab anviwonman sa a ki t ap pale nan mikwo jounalis Ti ZO LE Spécimen eksplike lè yon labalèn ap dekonpoze li pwodui 3 gaz. Sulfure d’hydrogène, sulfure d’armoniac, se 2 gaz ki selon sa li di vrèman toksik pou lasante paske yo bay pwoblèm nan poumon, nan respirasyon ak sou po. Pou 3yèm eleman chimik la, li soulinye li bay gaz metàn tou. Sa li menm, li fè kwè menmsi li pa aji dirèk sou sante moun, men li se yon gaz «à effet de serre» ki pral bay pwoblèm ak anviwonman an.
Pou sa ki gade moun ki te manje vyann balèn nan, li mansyone yo menm yo ap sèlman pran rapò epi voye l bay gwo tèt yo nan Ministè anviwonman ak nan Ministè Sante piblik pou suivi yo kapab fèt.
Nan detay majistra vil Obòy la, Mirlain Saint-Jean, bay li revele gwo pwason sa nan dlo yo a depi samdi maten ki te 15 fevriye 2025 lan. Kidonk, fas ak danje li wè moun yo ekspoze a, li mande èd leta santral pou kapab dezentoksike moun ki te manje vyann nan. Paske li di : « Si nou pa fè sa, pi devan n ap gen anpil moun ki gen pwoblèm nan men nou nan komin nan ».
Majistra a kontinye pou konseye moun yo ale prese prese nan lopital Alyans Sante Bòy pou yo ka analize ka yo a.
Pou kounye a, responsab sa yo anonse Ministè Travo piblik te deja nan wout pou vin retire labalèn nan nan dlo a pou al antere li. Anplis sa, reprezantan ministè anviwonman an di yo prevwa ranfòse lameri nan lide pou fè kanpay sansibilizasyon pou kominote a konn kòman pou l reyaji. Puiske, li fè konprann zòn sa gen posibilite pou l resevwa plizyè lòt ka konsa.
Kredi foto a: Maxo François
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025