Collectif Défenseur Plus atravè yon nòt li rann piblik jodi mèkredi 12 fevriye 2025 lan, di li kondane konpòtman manfouben otorite yo genyen fas ak edikasyon nan peyi a. Li di sa aprè 3 mwa grèv san pran souf pèsonèl edikasyon nan lekòl piblik yo fè.
Òganis k ap defann dwa moun nan peyi a atire atansyon moun sou jan gouvènman ki la entèrese ak koze kanaval nasyonal la kote li mete disponib yon bidjè ki plis pase 4,1 milyon dola ameriken pou li, alòske divès elèv nan plizyè kalite lekòl piblik nan lari a depi prèske 3 mwa. E sa fèt nan plizyè depatman anndan peyi a.
Kolektif la soulinye tou se yon mouvman k ap egzije prezans pwofesè yo nan sal klas yo. Pandan yo menm tou yon lòt bò, ap mande pi bon kondisyon travay.
Òganizasyon an pa kache preyokipasyon l sou jesyon gouvènman an ap fè dènye jou sa yo. Li raple nan dat 22 janvye pase a yo te depanse plis pase 3,8 milyon dola ameriken. Daprè sa l di, depans sa te fèt pou kèk èdtan pou vizit prezidan kolonbyen an, Gustavo Petro. Pandantan sa, Kolektif la di l fè tout rapèl sa yo san l pa menm mansyone pri kantite vwayaj initil plizyè nan konseye prezidansyèl yo fè.
«Nan fikse etap sa yo, li apwopriye pou nou mande tèt nou kijan Ayiti ka leve kanpe pandan y ap neglije edikasyon, si nou fè referans ak tèm sa yo rele kanaval nasyonal la “Ayiti leve! Ayiti Kanpe!» ? Nan lòt mo, poukisa edikasyon toujou trete kòm yon pòv nan je Leta ayisyen an ? se sa defansè dwa moun yo ekri nan nòt sa.
An menm tan, responsab yo nan Collectif Défenseur Plus k ap pale sou enpòtans edikasyon di li se yon dwa fondamantal, men ki sitou vyole nan peyi a. Pi lwen, li soulinye elèv yo ap lite pou jwenn 110 a 120 jou klas pandan kantite jou lekòl yo se 182 jou. Menmsi li pa janm respekte depi kèk ane nan peyi a.
Nan sans sa, Collectif Défenseur Plus kondane ak denonse tout atitid gouvènman an. Puiske, selon li menm, li vize ranplase jou lekòl yo ak jou ratrapaj. Sa li konsidere tankou yon mannèv antipedagojik e ki pwodui ka koripsyon anndan sektè a.
Anplis, li di l kondane atitid lapolis, sitou nan Jeremi lè n konsidere jan l te mal sèvi ak gaz lakrimojèn pandan mouvman pwotestasyon elèv yo semèn pase a. Pou li, sitiyasyon sa te prèske koute lavi plizyè pwotestatè, alòske dwa pou manifeste garanti nan lwa ayisyen yo.
Pou sa, òganis dwa moun nan mande ak gouvènman an pou l pran tout dispozisyon ki nesesè yon fason pou sove rès ane eskolè a. Li mande tou, fondasyon pou yon pi bon jesyon pèsonèl anseyan yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025