Nan yon nòt yo chak la sòti jodi vandredi 4 oktòb 2024 la, Laprimati ak tout Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) kondane masak gang Savyen yo fè nan Ponsonde ayè jedi 3 oktòb la. Se pou sa, yo deklare zak sa ki fèt la paka rete san konsekans pou gang yo.
«Premye minis Repiblik Ayiti a, Doktè Garry Conille nan non gouvènman an eksprime endiyasyon l e kondane ak tout fòs li atak vyolan gang Savyen yo fè nan lokalite Ponsonde», daprè nòt laprimati sòti nan sikonstans lan. Se sa ki fè nan bò pa yo, yo di zak vyolans sa a inakseptab e egzije yon repons k ap byen planifye nan leta a men san pèdi tan.
Pandan yo pwofite okazyon an pou swete kouraj ak tout fanmi viktim yo, gouvènman an di li deja pran dispozisyon pou ranfòse kapasite lopital Sen Nikola, nan vil vil Senmak kote pifò blese yo ap pran swen.
Nan bò pa Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, yo menm tou yo kondane masak sa a ki fèt sou sitwayen inosan sa yo. Pandantan sa, li voye senpati l pou fanmi sa yo k ap soufri, yo fè kwè pap gen okenn tolerans pou gang k ap teyorize popilasyon an.
Sou plan sekiritè, gouvènman Garry Conille an soulinye ajan Inite Tanporè Anti Gang yo (UTAG) deja sou plas, mete sou sa lòt polisye ak manm misyon etranjè a te pran wout la depi nan lannuit jedi 3 oktòb la pou al bay sekirite. Laprimati anonse jodi vandredi a gen lòt Inite nan lapolis la k ap deplwaye nan Latibonit toujou, men yo menm yo prale nan elikoptè nan kèk tan ankò.
Nan sikonstans difisil sa ki lakoz anviwon 70 manm popilasyon Ponsonde a pèdi lavi yo a, gouvènman an nan tèt kole ak KPT a di yo angaje yo nan lide pou frennen ensekirite ki blayi sou Ayiti a. Yo pwomèt pou trennen devan lajistis tout kriminèl ki responsab malè pèp ayisyen an.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024