Gouvènman kanadyen an atravè minis zafè etranjè yo a, Mélanie Joly anonse jodi vandredi 21 mas 2025 lan yo sanksyone twa sitwayen Ayisyen. Dimitri Hérard, Jeantel Joseph ak Jeff Larose se moun sa yo ki anba sanksyon sa yo, e daprè yo menm se yo ki responsab ensekirite ki gen Ayiti a.
«Twa moun sa yo fè zak ki twouble lapè, sekirite ak estabilite Ayiti», daprè sa gouvènman kanadyen an ekri nan yon kominike pou laprès.
An konsekans, otorite yo fè konnen moun sa yo pap ka vwayaje al Kanada, e yo pral met entèdiksyon jeneral sou tout tranzaksyon yo. Mete sou sa, yo ap kenbe tout byen yo genyen e pyès sitwayen kanadyen pap ka fè tranzaksyon pou yo.
N ap fè konnen, Jeantel Joseph gen plizyè chay ki tonbe sou do li deja. Nan ane 2023, otorite dominiken yo te entèdi l antre lakay yo akoz kanal Wanament la. Nan dosye lanmò ansyen prezidan Jovenel Moïse la, jij Walter Wesser Voltaire te fè konnen li menm kòm direktè Brigad Sekirite Lè Proteje(BSAP) te mare sosis li ak mèsenè yo espesyalman ak James Solage epi Joseph Vincent. Yo jwenn tou daprè temwanyaj Joseph Félix Badio, se li menm ki te vle pou yon sitwayen tankou Smith Magny te pran plas prezidan an.
Dimitri Herard ki se ansyen chèf (Inite Sekirite Jeneral Palè Nasyonal) USGPN nan, li menm tou ta gen men l tranpe nan lanmò ansyen chèf leta a, toujou selon òdonans ki sòti yo. Tandiske, Jeff Larose alyas Jeff Gro Lwa se youn nan chèf gang ki pa sispann bay pwoblèm nan peyi a.
N ap raple, Gilbert Gibio, Reynold Deep, Sherrif Abdallah, André Apaid, Joseph Wilson(Lanmò san jou), Vitelhomme Innocent ak André Jhonson(Izo) se pami moun Kanada sanksyone deja pou menm koz yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024