Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Politique

Gouvènman Garry Conille an angaje plizyè mesenè nan peyi a ankachèt

Mag Haiti by Mag Haiti
October 30, 2024
in Politique
0
Gouvènman Garry Conille an angaje plizyè mesenè nan peyi a ankachèt

Nan yon atik li pibliye jodi mèkredi 30 oktòb 2024 la, Sant Rechèch Ekonomik ak Politik (CEPR) fè konnen gouvènman Garry Conille an siyen kontra ak konpayi Studebaker Defense Group pou kontribye nan zafè sekirite peyi a ankachèt. Daprè yo, pyès moun pa konn wòl moun sa yo, poutan pandan dènye jou yo mèsenè sa yo ta enplike nan divès operasyon lapolis la mennen.

Gwoup mèsenè sa yo pyès moun pa konn konbyen efektif la ye, ni si yo gen zam. Men daprè menm atik sa a, moun k ap travay nan gwoup Studebaker la se yon pakèt ansyen responsab Pentagone ak Santral Entelijans Ajannsi (CIA), se jeneral ameriken ki pran retrèt li, Wesley Clark ki aktyèlman an Ayiti ki ap jere konsèy administrasyon. Daprè sa nou li nan atik sa, moun sa yo an Ayiti depi fen mwa septanm 2024 la.

Nan yon premye tan, estrikti ameriken sa revele deklarasyon sosyete a konsa : «Nan lide pou amelyore sekirite ak kenbe bon jan lapè piblik an Ayiti, gwoup Studebaker te lanse yon inisyativ estratejik sou fòmasyon ak mantora nan tèt kole ak Polis nasyonal ayisyèn nan. N ap opere sèlman sou tit konsiltatif, e nou toujou rann kont bay direktè jeneral lapolis la an pèsonn».

Poutan, pi douvan menm Sant Rechèch Ekonomik ak Politik sa fè konnen mèsenè sa yo konn planifye e menm al nan operasyon ak lapolis. Se sa k fè, li pran pou egzanp operasyon ki te mennen nan zòn chèf gang Vitel’homme Innocent 15 oktòb pase a, kote bandi yo te mete dife nan youn nan blennde fòs miltinasyonal la.

Pou sa ki konsène vini yo sou sòl la ak akò ki siyen ak gwoup mèsenè sa yo, yo soulinye se premye minis Garry Conille menm ki te regle tout dosye yo ankachèt. Pandan ni anbasad Etazini, ni Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) pa t konnen anyen sou dosye sa.

N ap fè konnen, pou fè limyè sou dosye sa Konsèy la te menm voye yon lèt envitasyon ayè madi 29 oktòb 2024 la, pou PM nan lide pou l te al bay eksplikasyon jodi mèkredi a sou prezans moun sa yo nan peyi a e sou divès akò yo te rive siyen yo. Jouskounye a se yon envitasyon ki mete pou yon lòt dat sou demann PM Garry Conille, selon lèt korespondans sekretè jeneral laprimati a, mèt Camille Jr Édouard voye bay sekretè jeneral laprezidans lan, Marie Régine Haddad.

Fòk nou soulinye tou, enfòmasyon sou mèsenè sa yo ki an Ayiti a pran lari kèk jou aprè Ministè Jistis ak Sekirite Piblik (MJSP) peyi a te revele nan dat madi 22 oktòb 2024 la, gen konplo k ap fèt pou ta touye premye minis Garry Conille ak kèk manm nan kabinè li. Nan kominike li te sòti a, Ministè a te di li gen bon jan detay sou kèk endividi ki vle fè zak sa pandan l te mansyone yo ap travay pou kèk sektè espesyal nan lavi nasyonal la.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 391
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Inondations en Espagne : trois jours de deuil national

Next Post

Jij k ap travay sou masak Lasalin nan voye 30 moun devan tribinal kriminèl

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Gang Ayiti yo gen pwòp klinik yo pou retire ògan moun yo kidnape

Jij k ap travay sou masak Lasalin nan voye 30 moun devan tribinal kriminèl

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,749)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,982)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,144)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,904)

Nouveaux Articles

  • Prezidan KPT a mande Premye minis Alix Didier Fils-Aimé rapò sou plizyè dosye leta enplike ladan yo
  • Leta ayisyen ak anbasad amerikèn kondane dife gang mete nan otèl Oloffson nan
  • Sanction du Barreau : Me Caleb Jean-Baptiste dénonce une mesure illégale et arbitraire

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?