Aprè otorite yo te pran desizyon pou voye tounen 10 mil Ayisyen an Ayiti chak semèn, daprè jounal Listín Diario nan sèlman 4 jou yo rive depòte 7 217 Ayisyen an Ayiti. Daprè Direksyon Jeneral Migrasyon (DGM) operasyon sa yo fèt sòti jedi 3 pou rive dimanch 6 oktòb 2024 la.
«Jedi ki te 3 oktòb la genyen 1243 ayisyen nou te voye tounen, nan vandredi 4 oktòb te genyen 1 862. Samdi li menm se jou ki te gen plis rapatriman avèk 2 203, nan dimanch ki te 6 oktòb te genyen 1909 moun», se chif enstans migrasyon dominikèn nan jounal Listín Diario rapòte.
Mete sou kote chif sa yo ki anrejistre pou sèlman 4 jou, otorite yo fè konnen chif la pi wo toujou. Puiske, pou kòmansman mwa oktòb la, yo soulinye gen ototal 9117 Ayisyen ki pa gen papye legal yo depòte.
«Tout moun dwe pase nan pwosesis verifikasyon yo, yon fason pou kapab konnen estati imigrasyon kèlkeswa moun nan nan peyi a», se deklarasyon direktè jeneral imigrasyon dominiken an, Luis Rafael Lee Ballester.
Pandantan sa, Premye minis Garry Conille sou kont X li fè konnen jodi madi 8 oktòb 2024 la, ministè finans ak ministè k ap jere zafè imanitè nan peyi a ap travay jodi a menm pou bay yon repons diplomatik ak Repiblik Dominikèn epi nan èd imanitè pou Ayisyen yo. Se nan menm sans sa tou, misyon Ayiti nan Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) anonse Konsèy pèmanan OEA a ap gen pou pale sou dosye enpòtan sa nan yon adrès pou peyi manm yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024