Aprè plizyè mwa depi pa gen vòl domestik nan peyi a, gouvènman ayisyen an anonse yo ap reprann apati 12 jen k ap vini la. Anons sa fèt jodi jedi 5 jen 2025 lan aprè siyati yon pwotokòl akò ant manm gouvènman an ak konpayi ayeryen Sunrise Airways.
« Li se yon etap nan jefò pouvwa egzekitif la ap fè pou garanti yon anviwonman estab ki bon pou envestisman k ap bon sou plan nasyonal ak pou devlopman nou », se sa laprimati fè konnen nan yon kominike yo pibliye jodi jedi a.
Nan detay yo bay yo, yo fè konprann siyati pwotokòl akò sa ak responsab Sunrise yo ap pèmèt vòl domestik yo reprann nan ayewopò Guy Malary a. E sa ap fèt 12 jen 2025 lan, vòl sa yo ap gen Okap, Jakmèl ak Jeremi kòm destinasyon.
Nan diskou sikonstans lan, premye minis Alix Didier Fils-Aimé pa t kache kontantman l. E te tou pwofite voye yok mesaj positif bay lòt konpayi ki fè vòl entènasyonal yo yon fason pou yo menm tou ta retounen ak aktivite yo an Ayiti.
N ap fè konnen, seremoni sa te fèt an prezans premye minis Alix Didier Fils-Aimé, minis ekonomi ak Finans lan, Alfred Métellus, ak direktè jeneral Otorite Ayewopòtyè Nasyonal la (AAN), Yves Ducarmel François.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025