Kèk tan aprè bandi ak zam fin pase anba flanm dife lokal Radyo Televizyon Karayib la, gouvènman ayisyen an reyaji epi kondane zak sa li kalifye kriminèl la.
Se atravè yon kominike li rann piblik jodi jedi 13 mas 2025 lan, gouvènman an di l kondane atak kriminèl kont RTVC a. Li soulinye tou, li kontinye angaje l nan pwoteje laprès.
«Mete dife nan yon medya senbolize yon tantativ dezespere bandi ame yo pou entimide moun k ap travay pou enfòme popilasyon an. Zak lawont sa moun lapolis ap chache tout kote a, pap rete san pinisyon», se sa nou li nan nòt denosiyasyon sa.
Nan sans sa, gouvènman an di l kenbe angajman l pou soutni libète laprès ki se yon poto fondamantal nan demokrasi. Paske li raple, medya tradisyonèl yo ak sa ki anliy yo dwe benefisye tout respè ak pwoteksyon.
Aprè zak sa sou RTVC a, gouvènman ayisyen an fè konnen nan tèt kole ak Polis Nasyonal Ayiti a (PNH), li pral pran mezi pou sekirize popilasyon an. Konsa li pwomèt li ap ak ranfòse sekirite medya gwoup kriminèl yo sible yo.
«Atak ki vize detui gang yo ap kontinye ak anpil detèminasyon, epi liberasyon katye ki anba enfliyans yo pral fèt pi vit», se sa gouvènman an pwomèt.
Pou fini, gouvènman an mande popilasyon an pou montre li vijilan epi solidè nan batay k ap fèt pou sekirite ak estabilite peyi a. «Detèminasyon lapolis la reyèl, kriminèl yo pral netralize, epi lapè pral retabli», se garanti sa gouvènman an bay.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025