Nan Konsèy minis yo te fè ayè mèkredi 18 septanm 2024 la, gouvènman an nonmen 7 moun ki ap nan Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP). Nan arete yo fè an yo fè konnen rete 2 moun ki ta dwe sòti nan sektè dwa moun nan avèk nan asosiyasyon defans dwa fanm yo pou KEP a kapab konplè.
Nan yon bò nou jwenn Schnaida Adély reprezantan kominote vodou a, Patrick Saint-Hilaire, Reprezantan konferans Episkopal Ayiti, Peterson Pierre-Louis, Reprezantan kilt Refòme epi Marie Florence Mathieu ki la pou konsèy Iniversite a. Yon lòt bò nou jwenn Jacques Desrosiers pou Asosiyasyon Jounalis yo, Jaccéus Joseph pou Asosiyasyon Peyizan yo ak Nemrod Sanon ki li menm reprezante Sendika yo.
Konsèy Elektoral Pwovizwa a dwe genyen 9 manm, li dwe konplete aprè Òganis Defans Dwa Moun ak Asosiyasyon Defans Dwa Fanm yo deside chwazi 2 manm ki rete yo. Pandantan sa, n ap fè konnen poko gen okenn enfòmasyon sou peryòd travay moun sa yo e tou konnen konbyen tan y ap genyen pou jere Konsèy elektoral pwovizwa a.
N ap soulinye konsèy minis sa te fèt ant prezidan Konsèy Prezidansyèl la, Edgard Leblanc Fils, ak lòt konseye prezidan Smith Augustin, Louis Gérald Gilles, Fritz Alphonse Jean, Lesly Voltaire, Frinel Joseph ak Emmanuel Vertilaire. Epi ak Premye Minis Garry Conille, ak manm Gouvènman li lan. Pandan reyinyon sa a divès lòt arete te pran tou swa pou nonmen nouvo direktè nan kèk bwàt leta e tou pou kreyasyon Òganis fonksyonman Komisyon Verite Jistis ak Reparasyon (CVJR).
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024