Nan yon kominike li pibliye nan lannuit lendi 23 desanm 2024 la, gouvènman an anonse li pran divès mezi pou ede viktim inondasyon yo konbat epi pèmèt vil yo refonksyone ankò. Nan sans sa, li fè konprann deja gen yon ekip espesyal ki mete sou pye pou evalye dega yo, sekirize zòn yo, epi bay asistans rapid ak fanmi ki nan bezwen yo.
« Plizyè ekip entèvansyon an ijans deja deplwaye nan zòn sinistre yo pou ede popilasyon an. Yon lòt kote, travay pou netwaye wout yo epi remete kanpe enfrastrikti ki kraze yo deja ap fèt tou. Se yon fason pou tabli sikilasyon epi rekonekte kominote yo ant yo menm », selon sa nou li nan kominike laprimati a.
Menm jan prezidan Konsèy la, Leslie Voltaire fè l yon bò nan Okap, Premye minis Alix Didier Fils-Aimé li menm tou anonse li te konvoke minis enteryè, minis travo piblik, minis transpò ak Kominikasyon, minis sante piblik, minis anviwonman, sekretè deta kolektivite teritoryàl ak responsab pwoteksyon sivil yo nan Pòtoprens. Reyinyon sa te fèt nan lide pou te reflechi prese prese sou repons gouvènman an pral bay ak bezwen imanitè moun nan depatman Nò ak Nòdwès.
Se sa ki fè, otorite yo pwomèt y ap kontinye ak tout demach pou garanti byennèt popilasyon an. Pandantan sa, Premye minis lan li menm voye solidarite l pou viktim yo, epi fè konnen li ap voye je sou tout ekip ijans ki sou pye yo yon fason pou kapab ede nan fè fas kare ak katastwòf natirèl sa yo.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2024