Daprè chèf Konsèy Siperyè Polis Nasyonal Ayiti a (CSPN), Alix Didier Fils-Aimé gouvènman l ap dirije a ansanm ak Polis Nasyonal Ayiti (PNH) la te konnen gang yo t ap prepare yo pou fè yon atak kont komin Kenskòf.
Premye minis ayisyen an fè deklarasyon sa ayè jedi 30 janvye 2025 lan, toujou nan kad pasaj li nan direksyon jeneral PNH la pou te òganize yon rankont ak plizyè manm CSPN nan. Yon deklarasyon ki vini yon jou aprè ansyen depite komin nan, Louis André Gustave te revele gen plis pase 41 moun ki pèdi lavi yo nan masak gang yo fè sou Kenskòf la.
An konsekans, manm popilasyon an sitou sila yo k ap itilize rezo sosyal yo eksprime kòlè yo. Pou kèk nan yo, se ta yon fason l ap fè pou febli enstitisyon polisyè a, alòske kèk lòt kwè premye minis lan pa gen kapasite pou l chèf gouvènman.
Malgre Alix Didier Fils-Aimé te konnen sa ki te pare tann Kenskòf la, e yo pa t menm anpeche sa rive, li kontinye ap pwomèt. Se sa ki fè li di li pran angajman pou l akonpanye PNH la, yon mannyè pou sekirite ka retabli sou teritwa nasyonal la nan pa lontan.
Yon lòt kote, gouvènman mesye Fils-Aimé a anonse l ap ogmante nan operasyon pou mete sekirite, ranfòse pèsonèl yo ansanm ak ekipman epi ranfòse yon kòdinasyon ant PNH la ak Fòs Lame Ayiti a (FAD’H). «Nou pral frape di epi san rete. Pa gen okenn kriminèl n ap epanye», se sa li fè konnen.
Premye minis lan soulinye pandan manda li a l ap fini ak rèy kriminèl yo. Li deklare l ap fè sa san feblès, san ezite epi ak tout fòs otorite nan leta yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025