Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Politique

Gouvènman an ak anbasad Lafrans an Ayiti salye memwa 3 sòlda FAD’H ki tonbe Kenskòf yo

Mag Haiti by Mag Haiti
April 21, 2025
in Politique
0
Gouvènman an ak anbasad Lafrans an Ayiti salye memwa 3 sòlda FAD’H ki tonbe Kenskòf yo

Nan yon kominike yo chak la pibliye ayè dimanch 20 avril 2025 lan, Gouvènman ayisyen an ak anbasad Lafrans an Ayiti salye memwa 3 sòlda FAD’H ki te tonbe Kenskòf yo. Sòlda lame Ayiti sa yo mouri ayè dimanch lan nan moman yo ta pral pote ranfò ak fòs lòd yo ki ap batay kont gang yo nan komin Kenskòf.

«Se ak anpil tristès gouvènman Repiblik la ap anonse lanmò 3 nan militè ak anpil valè nou yo Kenskòf pandan yo t ap fè travay yo», daprè sa ki ekri nan kominike laprimati sòti a. Menm jan an tou, genyen anbasad Lafrans nan peyi a ki eksprime respè yo pou memwa sòlda sa yo. Yo pwomèt y ap kontinye sipòte tout fòs k ap goumen kont gang yo an Ayiti.

Pandan gouvènman an fè konprann viktim sa yo mouri nan pye travay yo, poutan, enfòmasyon yo fè konnen machin yo te ye pou te al pote ranfò a pa t blennde. Se sa ki pèmèt, nan atak gang yo fè sou yo a gen 3 nan yo ki mouri pandan gen plizyè lòt ki blese.

Pi lwen, yo pwofite sikonstans lan pou di tout moun leta bon jan mobilize pou goumen kont ensekirite a. Se poutèt sa yo deklare : «nou derefize laperèz anvayi menm yon lizyè sou sòl nou an, nou derefize kite vyolans la mennen nou. Batay sa, se pou tout pep ayisyen an, e nou ap genyen li .»

Pou kounye a, gen divès viktim nan kan fòs lòd yo menm jan gen plizyè bandi tou ki te jwenn lanmò yo Kenskòf. Pami viktim yo genyen 3 sòlda Fòs lame Ayiti a ki pa idantifye, yon polisye Kenyan ak plizyè polisye epi sòlda ki te sòti blese pandan jou pase yo.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025

Comments

commentaires

Nombre de vues: 262
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Hystérique, un nouveau tube livré par Sœurette Bruno

Next Post

Lachin mande pou Etazini pran responsabilite l fas ak ensekirite ki an Ayiti a

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Lachin mande pou Etazini pran responsabilite l fas ak ensekirite ki an Ayiti a

Lachin mande pou Etazini pran responsabilite l fas ak ensekirite ki an Ayiti a

Leave a Reply Cancel reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,053)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,812)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,878)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,694)

Nouveaux Articles

  • Avan pwojè konstitisyon an pèmèt yon jèn vin prezidan Ayiti ak 30 lane
  • Gwoup gang Savyen yo masakre pou pi piti 11 moun nan yon legliz Ti Rivyè Latibonit
  • Lajistis amerikèn rekonèt Chèf gang Yonyon koupab nan dosye kidnaping sitwayen ameriken yo

RSS Fact Checker

  • Avant l’investiture de Trump, Meta abandonne son programme de fact-checking
  • Désintox : la Chine fait-elle face à une nouvelle épidémie appelée HMPV ?
  • Désintoxication : la femme qui a lancé la rumeur sur les Haïtiens à l’Ohio se rétracte
  • La vidéo de l’homme qui tue un chat avec ses dents répertoriée sur un blog zimbabwéen

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?