Administrasyon Trump lan rekonèt jodi vandredi 2 me 2025 lan gwoup gang Viv ansanm nan ak Gran Grif fè pati gwoup teworis etranjè ak mondyal. Se sekretè deta ameriken an, Marco Rubio ki anonse dezisyon sa a, ki selon li menm chaje ak konsekans.
«ak aksyon sa a administrasyon Trump lan voye yon mesaj klè bay Viv ansanm ak Gran Grif kòm teworis. Se gwoup kriminèl sa yo nou pran kòm responsab sa k ap pase Ayiti a ak sa pèp li a ap viv la», daprè deklarasyon youn nan responsab yo Miami Herald site nan yon atik yo pibliye jodi vandredi a.
Selon diplomat ameriken an, Marco Rubio dezisyon sa vini puiske yo wè gang yo vin tounen yon menas pou Etazini. E fè konprann bandi sa yo vle fè peyi a tounen yon eta nakotrafikan kote zam ak dwòg ak sikile lib libè.
Daprè jounal la, nouvo dezisyon sa a ap gen gwo konsekans penal ak finansyè sou gwoup kriminèl yo epi sou moun k ap ede yo nan koze ba yo materyèl. Yo soulinye, moun sa yo kapab sanksyone kòm antiteworis, yo kapab pousuiv yo lajistis, kapab jwenn depòtasyon yo Etazini ak jwenn entèdiksyon pou yo pile tè ameriken an.
Nan menm sans sa a, Vanda Felbab-Brown ki se chèchè prensipal nan Brookings Enstitisyon epi espesyalis gwoup ame yo sitou an Ayiti, fè konprann sa ka gen konsekans sou bank yo tou.
«Sa kapab genyen gwo konsekans sou bank yo, Western Union ak lòt sistèm finansyè ki ta gen volonte voye lajan an Ayiti». Li kontinye pou di si moun sa yo pè pou lajistis pa pousuiv yo, sa ap pèmèt politisyen ak entreprenè yo sispann rekrite gang pou fè zak malonèt pou yo.
N ap fè konnen, gang Ayiti sa yo vin ajoute sou 8 lòt òganizasyon kriminèl latino-ameriken depatman Deta a te nonmen tou kòm gwoup teworis nan mwa fevriye 2025 lan. Pami gwoup sa yo nou jwenn Tren Aragwa ki Venezwela, MS-13 ki Salvadò epi 6 lòt ki Meksik.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025