Premye minis Garry Conille, manm Konsèy prezidansyèl la ak kèk patnè yo te rankontre pou diskite sou sezon siklòn nan an Ayiti. Reyinyon sa a pèmèt gouvènman planifye nouvo sezon an ki kòmanse premye jen ki sot pase a.
Premye minis la, ki se an menm tan minis Enteryè ak Kolektivite teritoryal yo, Dr Garry Conille, te patisipe nan maten jedi 13 jen an, nan yon rankont travay ki konsène preparasyon pou sezon siklòn 2024 la.
Rankont sa a te pèmèt yo diskite plan, estrateji ak bezwen espesifik sistèm nan pou pwoteje popilasyon an nan ka ijans, daprè sa Dr Conille te di. Li gen tou priyorite pou l prezide Komite nasyonal jesyon risk ak dezas yo, daprè yon nòt pou laprès gouvènman mete deyò.
Séans travay la, ki te òganize nan Vila Dakèy la anba direksyon Konsèy prezidansyèl tranzisyon an, te rasanble diferan aktè ki enplike nan jesyon risk ak dezas, espesyalman Direksyon jeneral pwoteksyon sivil (DGPCj ak reprezantan ajans imanitè yo an Ayiti.
© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2024