Nan yon konferans pou laprès li bay jodi jedi 7 novanm 2024 la, Gwoup Api pou Rapatriye ak Refijye yo (GARR) fè konnen gen yon rezo Dominiken ak Ayisyen k ap mache kidnape migran ayisyen k ap tante antre Repiblik Dominikèn.
« Li enpòtan pou nou mansyone nan moun ki ap tante antre Repiblik Dominikèn yo anpil ladan yo sibi zak kidnapin. Se pasè Dominiken melanje ak Ayisyen ki malerezman pran moun sa yo mete yon kote epi egzije yo gwo lajan pou lage yo », daprè deklarasyon responsab GARR la, Sam Guillaume.
Pi lwen, li fè konnen rezo sa ki monte a konn mande sòti 18 rive 20 mil peso pou liberasyon migran ayisyen sa yo. Mete sou zak sa, estrikti a denonse move aksyon kèk ajan dominiken ap mennen puiske selon Guillaume, yo toujou ap fè lajan ak Ayisyen nan yon kontèks kote yo arete moun nan plizyè fwa pou l ka toujou bay menm kantite lajan an. Alòske, yo konn menm rive depòte moun sa yo an Ayiti.
Yon lòt bò, responsab la te tou pwofite prezante bilan mwa oktòb la sou kantite peyi ki voye tounen migran ayisyen nan peyi a. Bayamas voye tounen 16, zile Tik yo voye 178, Jamayik voye 37, epi Etazini li menm voye bay Ayiti 258 moun.
Pou sa ki konsène Repiblik Dominikèn menm, nimewo 1 nan òganis k ap defann dwa migran yo raple pa gen anyen ki chanje. Okontrè, kondisyon yo vin pi mal keseswa nan prizon yo, nan fason otorite migrasyon yo ap mennen operasyon depòtasyon li yo, oubyen nan agresyon seksyèl yo ap plede fè sou medam ayisyèn yo.
Pou menm mwa oktòb la selon GARR, Sendomeng voye tounen sou wout ofisyèl yo yo 27 336 migran ayisyen, pami yo 100 fanm ansent. Genyen 16 306 moun ki te deside vini Ayiti pou kont yo. Tandiske, nan moun ki t ap tante antre sou sòl yo a yo te rive kenbe epi voye tounen 6 601.
Sam Guillaume pa sispann kondane tou otorite dominikèn yo dèske yo toujou pran tout pyès ayisyen yo, epi voye yo Ayiti san anyen. Se sa ki eksplike selon li menm, anpil moun konn retounen pran wout la pou al chache, pitit yo oubyen zafè yo.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2024