Nan yon rapò yo pibliye ayè lendi 7 avril 2025 lan, Òganizasyon Nasyonzini pou Dwa Moun fè konnen gang yo vyole 7 fanm ak tifi nan Kenskòf. Vyolans seksyèl sa yo fèt pandan 2 mwa endividi ak zam yo fè ap simen latwoublay nan komin sa a. Anplis vyolans seksyèl yo, yo touye 115 manm popilasyon an epi blese 59 lòt.
«27 janvye 2025 yon fanm viktim vyòl kolektif nan men gang yo nan lokalite Pannye, 2 ak 3 fevriye 2 fanm ak yon tifi te vyole nan zòn Gode ak Bonga, 8 fevriye yo vyole yon lòt fanm lakay li» se detay òganis entènasyonal la bay sou zak vyolans sa gang yo pa sispann fè sou fanm yo.
Mete sou kote viktim sa yo, yo fè konprann gen yon total 262 moun ki mouri ladan yo gen 115 manm popilasyon an, epi 147 manm gang. Pou sa ki gade blese yo, yo soulinye genyen 66 viktim pami yo 59 manm popilasyon an ak 7 bandi. Epi yo fè kwè gen 4 ajan fòs yo bandi touye epi 4 lòt te sòti blese.
Pou sa ki konsène kay moun yo, yo deklare gang yo kraze epi boule plis pase 190 kay. Yon zak ki fòse plis pase 3 000 moun kouri kite lakay yo. Selon yo menm, divès atak bandi Viv ansanm yo gen gwo konsekans sou lavi peyizan yo, sou dwa yo kòm moun, sou ekonomi yo, sou pwodiksyon agrikòl la, epi sou depatman Sid la.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025